BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/05 p. 8
  • Bay yon temwayaj ki efikas nan lye piblik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bay yon temwayaj ki efikas nan lye piblik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Nouvo fason pou nou bay temwayaj an piblik
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Bay temwayaj nan lari yon fason efikas
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Metòd pou nou preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Yon nouvo fason nou bay temwayaj an piblik ki bay anpil kè kontan
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 6/05 p. 8

Bay yon temwayaj ki efikas nan lye piblik yo

1. Menm jan ak kretyen premye syèk yo, kòman kretyen jodi a fè pou yo bay temwayaj nan lye piblik yo, e ki rezilta sa bay ?

1 Menm jan ak premye disip Jezi yo, kretyen jodi a chèche preche bon nouvèl la kèlkeswa kote yo ka jwenn moun (Tra. 16:13 ; 17:17 ; 20:20, 21). kòm rezilta efò yo fè pou bay temwayaj nan lye piblik yo, yo jwenn enterè pami moun yo pa t ap janm rive pran kontak avèk yo nan predikasyon kay an kay.

2. Poukisa disènman nesesè lè n ap bay temwayaj nan lye piblik yo, e ki jan nou kapab kontribye pou sa fèt nan lòd ?

2 Nou bezwen gen disènman lè n ap bay temwayaj nan lye piblik yo. An jeneral, li pi bon pou nou travay san nou pa atire twòp atansyon sou nou. Pa egzanp, si twòp pwoklamatè ap preche nan menm zòn nan, oswa y ap vizite menm mezon komès yo, gen kèk moun ki ka santi prezans nou deranje yo. Sa ap diminye diyite travay nou an, e li ka menm retire sou efikasite nou. Ki sa k ka fèt pou anpeche sa rive ? Kèk kongregasyon ki gen anpil zòn pou yo bay temwayaj piblik twouve li bon pou yo òganize zòn sa yo an plizyè ti tèritwa (1 Kor. 14:40). Anplis de sa, nou kapab kontribye pou sa fèt nan lòd, lè nou preche sèlman nan tèritwa yo asiyen kongregasyon pa nou, amwenske komite sèvis kongregasyon an pran dispozisyon presi pou ede yon lòt kongregasyon. — Gade nan Ministè Wayòm novanm 1998, p. 6, paragraf 18-19.

3. Ki metòd kèk pwoklamatè twouve ki efikas lè y ap bay temwayaj nan lye piblik yo ?

3 Abòde moun yo : Lè Jezi t ap pale ak yon dam bò yon pi, li te kòmanse ak yon remak toukout. Ansuit, etap pa etap li etann konvèsasyon an lè l wè dam nan montre plis enterè (Jan 4:7-26). Metòd sa a efikas tou nan sèten ka jodi a. Kèk pwoklamatè twouve pou yo pi alèz pou yo bay temwayaj an piblik, li itil pou yo pase kèk minit ap salye moun nan, epi pou yo montre li enterè pèsonèl yo gen pou li, anvan yo prezante l mesaj Wayòm nan. Pwoklamatè yo fè kòmantè sou sijè ki enterese moun nan zòn nan, sa ki debouche souvan sou yon konvèsasyon. Lè lòt moun ap pale de bagay ki enterese yo, yo tande ak anpil atansyon. Konsa, sa pa pran tan pou pwoklamatè yo fè yo konnen mesaj rekonfòtan ki nan Pawòl Bondye a. — Wom. 15:4.

4. Ki jan nou kapab kiltive enterè nou jwenn ?

4 Annou kiltive enterè a : Chak fwa nou fin fè yon bon dyalòg ak yon moun, nou ta dwe chèche pran dispozisyon pou nou kiltive enterè a. Ki jan nou ka fè sa ? Pandan dyalòg la pral fini, nou kapab pran kanè nòt nou epi nou di : “ Mwen kontan ti konvèsasyon nou sot fè a. Èske gen mwayen pou nou kontinye l yon lòt lè ? Oubyen nou ka di : “ Mwen ta renmen w li yon atik mwen sèten k ap enterese w. Èske m ka pote l lakay ou oswa nan biwo w ? ” Gen kèk pwoklamatè ki annik mande : “ Nan ki nimewo telefòn mwen ka jwenn ou ? ” Byen souvan, moun nan bay yon repons favorab.

5. Ki objektif nou ta dwe genyen lè n ap bay temwayaj nan lye piblik ?

5 Anpil moun yo pran kontak avèk yo pou premye fwa nan lye piblik aksepte yon etib biblik. Yo konn kondui etid sa yo lakay moun nan, kote l ap travay, sou yon plas piblik apwopriye, oswa pa mwayen telefòn. Nou swete nou fè sa vin objektif nou pou nou kòmanse etid biblik pandan n ap bay temwayaj nan lye piblik.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje