BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/13 p. 4-6
  • Nouvo fason pou nou bay temwayaj an piblik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nouvo fason pou nou bay temwayaj an piblik
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Yon nouvo fason nou bay temwayaj an piblik ki bay anpil kè kontan
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Bay yon temwayaj ki efikas nan lye piblik yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Metòd pou nou preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Bay temwayaj nan lari yon fason efikas
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 7/13 p. 4-6

Nouvo fason pou nou bay temwayaj an piblik

1. Ki egzanp kretyen nan premye syèk la kite pou nou?

1 Kretyen nan premye syèk la pa t konn preche kay an kay sèlman. Yo te konn preche nan lari tou (Tra. 20:20). Pa egzanp, yo te konn ale nan tanp lan, kote yo te konnen yo t ap jwenn anpil moun (Tra. 5:42). Lè apot Pòl te nan vil Atèn, chak jou li te konn al preche moun ki sou plas piblik yo (Tra. 17:17). Jodi a, prensipal mwayen nou itilize pou nou kontinye gaye bon nouvèl la se predikasyon kay an kay. Sepandan, nou preche moun nan pakin, nan biznis, sou plas piblik, nan zòn ki gen anpil magazen e ki gen anpil moun, e nou fè sa tout lòt kote nou konnen nou ka jwenn moun. Byenke yo ankouraje tout pwoklamatè pou yo bay temwayaj an piblik kote sa posib, gen anpil pwoklamatè ki pral gen posiblite pou yo patisipe nan de nouvo fason enteresan pou yo bay temwayaj an piblik.

2. Ki dispozisyon yo te pran nan kòmansman novanm 2011?

2 Yon fason espesyal pou n bay temwayaj an piblik nan gwo vil yo: Jan Annuaire 2013 la rapòte sa nan paj 16 ak 17, nan mwa novanm 2011, yo te pran dispozisyon pou kèk pwoklamatè kòmanse bay temwayaj an piblik nan vil Nouyòk yon lòt fason. Yo itilize yon tab ak kèk bèl foto ki nan piblikasyon nou yo, foto yo agrandi, epi yo ekspoze foto yo sou tab la ak piblikasyon nan divès lang epi yo mete tab la nan yon bon zòn nan vil la kote gen anpil moun ap pase. Chak jou gen plizyè milye moun ki pase, pami yo gen moun ki abite nan bilding ki gen sekirite kote li difisil pou pwoklamatè yo antre e gen lòt ki pa lakay yo souvan. Fason moun yo reyaji a enpresyonan. Pa gen twò lontan, nan yon mwa sèlman, pwoklamatè yo te plase 3 797 peryodik ak 7 986 liv. Anpil moun k ap pase mande yon etid biblik. Etandone objektif pwoklamatè yo se kòmanse etid biblik, depi yon moun enterese ba yo adrès li, yo voye adrès la bay kongregasyon ki preche tèritwa moun nan abite a imedyatman.

3. Ki sa yo fè pou plis kote ka benefisye dispozisyon sa a?

3 Lefètke dispozisyon sa a bay bon rezilta, kounye a yo pran menm dispozisyon an toupatou sou tè a nan lòt gwo vil ki gen anpil moun. Se filyal ki nan peyi a k ap deside ki vil k ap benefisye dispozisyon sa a. An jeneral, yo chwazi vil ki gen anpil estasyon machin oubyen estasyon tren nan menm zòn, oubyen vil ki gen anpil biwo oubyen anpil apatman kote gen anpil moun ap mache nan lari. Apre sa, filyal la voye lèt bay kongregasyon k ap patisipe nan fòm temwayaj sa a e li ba yo plis enstriksyon sou sa. Byen souvan, se pyonye pèmanan ak pyonye espesyal yo bay fè travay sa a, men nan kèk zòn yo konn sèvi ak pyonye oksilyè yo tou.

4. Ki sa pyonye yo fè lè y ap bay temwayaj an piblik nan gwo vil yo?

4 Fason yo bay temwayaj la: An jeneral, pyonye k ap patisipe nan fason espesyal pou yo bay temwayaj an piblik nan gwo vil yo tann moun yo vin bò tab yo a, oubyen bò charyo yo ekspoze piblikasyon yo. Lè yon moun avanse kote yo, yo di moun nan li ka pran nenpòt piblikasyon ki enterese l. Pyonye yo kontan sèvi ak Bib la pou yo reponn nenpòt kesyon moun nan poze. Si moun nan pran yon piblikasyon, pyonye yo pa mande l ofrann volontè. Men, si moun nan mande kote n jwenn kòb pou n fè travay la, pyonye yo esplike l si yon moun vle bay yon ofrann li ka voye l nan youn nan adrès ki parèt nan piblikasyon an. Lè sa posib, yo mande moun nan: “Èske w pa ta renmen yon moun vizite w lakay ou?” Oubyen yo di l: “Nonsèlman nou kite piblikasyon pou moun yo, men, nou fè etid biblik ak yo lakay yo gratis, èske w te konn sa?”

5. Kòman yon koup marye te jwenn benediksyon lefètke yo patisipe nan nouvo fason pou yo bay temwayaj la nan lari a?

5 Moun ki patisipe nan aktivite sa a jwenn anpil benediksyon. Men sa yon koup marye te ekri: “Lè nou kanpe bò tab la, n ap gade plizyè milye moun k ap pase chak jou e nou wè kokenn travay k ap fèt pou pèmèt moun tout kote sou tè a tande mesaj la, sa touche kè nou. Lè n ap gade pakèt moun sa yo epi n ap reflechi jan Jewova vrèman gen sousi pou yo chak, sa ranfòse detèminasyon nou pran pou n kontinye mete travay predikasyon an nan premye plas nan lavi nou. Nou imajine se Jewova k ap egzamine kè chak moun ki vin bò tab la e l ap chèche moun ki diy pami yo. Nou pa t janm santi nou pwòch zanj k ap travay bò kote nou yo konsa.”

6. a) Ki lòt dispozisyon yo pran pou yo bay temwayaj an piblik kongregasyon an òganize e nan ki sans li pa menm ak dispozisyon espesyal yo pran pou yo bay temwayaj an piblik nan gwo vil yo? b) Kòman kongregasyon yo ka kowopere lè y ap bay temwayaj an piblik?

6 Temwayaj an piblik kongregasyon an òganize: Anplis dispozisyon espesyal filyal yo pran pou pyonye yo bay temwayaj an piblik nan gwo vil yo, gen yon lòt dispozisyon yo pran pou pwoklamatè yo bay temwayaj an piblik, men se gwoup ansyen nan kongregasyon yo ki òganize l. Grasa dispozisyon sa a, pwoklamatè yo sèvi ak yon tab oubyen ak yon charyo yo ka deplase byen fasil. Yo mete tab la nan yon zòn kote anpil moun ap pase. Men pwoklamatè yo rete nan tèritwa kongregasyon pa yo. Dispozisyon sa a pa menm ak dispozisyon yo pran pou yo bay temwayaj an piblik nan gwo vil yo, kote se pyonye ki nan plizyè kongregasyon yo itilize pou yo preche nan yon menm zòn, kote gen anpil moun ap pase nan yon gwo vil e se filyal la ki chwazi vil sa yo. — Gade kare ki gen tit “Li enpòtan pou n byen kowopere”.

7. Kote sa pratik, ki jan ansyen yo ap òganize temwayaj an piblik nan tèritwa kongregasyon pa yo?

7 Ansyen yo ap egzamine tèritwa kongregasyon pa yo pou yo wè si gen zòn ki gen anpil moun k ap mache nan lari e y ap deside si l pratik pou yo òganize temwayaj an piblik nan zòn sa yo. Men kèk zòn kote pwoklamatè yo ka mete yon tab oubyen yon charyo pou yo ekspoze piblikasyon yo: zòn ki gen anpil estasyon machin oubyen nan kèk peyi estasyon tren, plas piblik, lari ki gen anpil moun, zòn ki gen anpil magazen, kanmpous inivèsite, ayewopò, ak kote yo konn fete kèk evènman chak ane. Li pi bon pou pwoklamatè yo toujou mete tab la menm kote, nan menm jou, e nan menm lè. Nou remake lè pwoklamatè yo mete tab la nan yon zòn ki gen anpil magazen, yo jwenn pi bon rezilta pase lè yo mete l nan yon zòn ki gen yon sèl magazen, paske an jeneral, moun ki vin nan magazen sa a plis konsantre sou yon bagay byen presi yo bezwen. Nan kèk zòn, li pi apwopriye pou pwoklamatè yo itilize yon ti charyo ki pa pran anpil plas pou yo ekspoze piblikasyon yo, pa egzanp lè yo sou yon twotwa kote gen anpil aktivite. Yo prepare yon seri fichye espesyal ki gen foto agrandi pou yo fè afich, foto ki nan kèk piblikasyon, tankou liv Sa Labib anseye a, foto ki nan Toudegad, ak Réveillez-vous! Ansyen yo ka telechaje fichye sa yo sou sit wèb nou an. Yo fè fichye sa yo sitou pou nou sèvi ak yo lè n ap bay temwayaj an piblik. Pwoklamatè ansyen yo chwazi pou yo bay temwayaj an piblik yo ap fè travay sa a prèske menm jan ak pyonye k ap bay temwayaj nan gwo vil yo e yo dwe byen suiv tout enstriksyon siveyan sèvis la ba yo. Si yo jwenn yon moun ki enterese ki pa abite nan tèritwa pa yo e ki ba yo adrès li, yo dwe ranpli fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) a e yo dwe bay sekretè a fòmilè a tousuit.

8. Si pa gen yon kote nan tèritwa nou pou yo òganize temwayaj an piblik nouvo fason yo, ki posiblite nou genyen pou n preche nan lari?

8 Mete temwayaj an piblik nan pwogram predikasyon nou: Gen kèk kongregasyon ki ka pa gen yon kote nan tèritwa yo ki gen anpil moun ap mache nan lari pou yo ta mete yon tab pou yo ekspoze piblikasyon. Sepandan, menm nan kongregasyon sa yo, yo ankouraje pwoklamatè yo pou yo mete temwayaj an piblik nan pwogram predikasyon yo. Nan tèritwa kongregasyon nou, èske gen yon zòn ki gen anpil magazen, gen yon ri ki gen anpil biznis, oubyen gen yon gwo magazen oubyen yon gwo depo e toujou gen anpil aktivite ladan l? Èske gen yon plas piblik oubyen èske gen yon kote anpil moun konn rasanble? Èske gen kèk evènman yo konn fete yon kote byen presi e nan yon dat byen detèmine nan tèritwa nou? Si repons lan se wi, nou ka bay temwayaj an piblik nan zòn sa yo.

9. Poukisa li enpòtan pou n preche moun yo tout kote nou ka jwenn yo?

9 Se volonte Jewova pou ‘tout kalite moun sove e pou yo gen yon konesans egzak sou laverite’. (1 Tim. 2:4.) Donk, n ap fè tout sa nou kapab pou nou rive touche plis moun posib ak mesaj Wayòm nan anvan lafen an rive (Mat. 24:14). Nan anpil zòn, se yon defi pou nou jwenn moun yo lakay yo. Pou rezon sa a, nou dwe dispoze preche moun yo lè nou jwenn yo nan andwa piblik yo. Petèt, sèl mwayen kèk moun genyen pou yo tande bon nouvèl la se grasa temwayaj an piblik. Donk, annou akonpli ministè nou nèt lè nou preche moun yo tout kote nou ka jwenn yo. — 2 Tim. 4:5.

[Kare nan paj 5]

Li enpòtan pou n byen kowopere

Selon sa yo rapòte, gen kèk pwoklamatè ki nan kongregasyon ki tou pre zòn yo chwazi yo, ki konn al bay temwayaj nan menm ri, nan menm pakin, devan menm biznis oubyen nan menm estasyon machin oubyen estasyon tren ak pyonye yo asiye pou bay temwayaj kote sa yo. Pwoklamatè ki pa nan menm kongregasyon konn kite peryodik nan menm sal d atant, nan menm dray oubyen nan menm biznis. Sa konn fè moun ki nan biznis yo ak moun ki nan vwazinaj yo fache, menmsi pwoklamatè yo pa preche moun yo menm lè. An jeneral, lè n ap bay temwayaj an piblik, nou dwe rete nan tèritwa yo asiye kongregasyon pa nou an.

Si gen pwoklamatè ki vle bay temwayaj an piblik nan tèritwa yon kongregasyon ki vwazen yo, yo dwe pale sa ak siveyan sèvis kongregasyon yo a. Konsa, siveyan sèvis la ap kontakte siveyan sèvis ki nan lòt kongregasyon an pou l ba li pèmisyon anvan pwoklamatè yo kòmanse preche nan tèritwa sa a. Lè plizyè kongregasyon ki pa pale menm lang gen menm tèritwa pou yo preche, siveyan sèvis yo dwe byen kominike youn ak lòt pou yo pa fè moun ki nan tèritwa sa yo fache pou granmèsi. Donk, si kongregasyon yo byen kowopere, tout bagay ap rive fèt “yon fason ki konvnab e nan lòd”. — 1 Kor. 14:40.

[Foto nan paj 6]

[Foto nan paj 6]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje