Yon nouvo fason nou bay temwayaj an piblik ki bay anpil kè kontan
1. Ki sa yo ankouraje kongregasyon yo pou yo fè lè tèritwa yo gen zòn kote anpil moun ap pase?
1 Yo ankouraje kongregasyon ki gen zòn kote gen anpil moun k ap pase pou yo òganize temwayaj an piblik. Yo sèvi ak yon tab oswa ak yon charyo pou yo ekspoze piblikasyon yo. Si yo sèvi ak yon charyo, omwen dwe gen yon pwoklamatè ki kanpe oubyen ki chita bò charyo a. Men, si se yon tab, dwe gen de pwoklamatè bò kote l. Pwoklamatè sa yo dwe se moun ki janti, ki amikal e ki akeyan. Si yon moun ap gade stann nan, youn nan pwoklamatè yo ka kòmanse yon konvèsasyon avè l, petèt li ka di l: “Èske w konn mande tèt ou ki sa Bib la di sou sijè sa a?” Yon lòt pwoklamatè oswa de lòt pwoklamatè ka voye je sou stann nan pandan youn ap bay temwayaj enfòmèl.
2. Rakonte yon eksperyans ki montre jan temwayaj an piblik kote nou ekspoze piblikasyon yo enpòtan anpil.
2 Metòd sa a pèmèt pwoklamatè yo kòmanse anpil etid biblik. Gen yon etidyan nan inivèsite ki t ap fè rechèch e ki te chwazi ekri yon atik sou Temwen Jewova yo, men li pa t ka jwenn yon Sal Wayòm. Semèn apre a, li te wè yon tab ki gen piblikasyon ekspoze sou li nan lakou inivèsite a. Pwoklamatè yo te kòmanse yon etid biblik avè l, e kounye a, etidyan sa a se yon pwoklamatris batize k ap patisipe nan fòm temwayaj sa a.
3. Ki sa kèk pwoklamatè panse konsènan fòm temwayaj sa a?
3 Men sa yon sè ki pran plezi pou l patisipe nan fòm temwayaj sa a te di: “Gen kèk moun ki kanpe bò stann nan pou yo pran peryodik ki fèk parèt yo. Gen lòt ki pa t janm tande pale de Temwen Jewova anvan sa. Grasa metòd sa a, mwen wè nou ka rive touche anpil moun.” Men sa yon lòt sè te fè konnen: “Se yon nouvo fason nou bay temwayaj an piblik ki bay anpil kè kontan paske moun yo vin jwenn nou epi menmsi yo pa vrèman enterese, yo anvi konnen sa n ap fè.”
4. Poukisa li bon pou pwoklamatè yo mete stann piblikasyon an menm kote a, nan menm jou yo ak nan menm lè yo chak semèn?
4 Li bon pou nou mete stann nan menm kote a, nan menm jou yo ak nan menm lè yo chak semèn. Konsa, moun yo ap abitye wè stann nan, e finalman, y ap santi yo pi alèz pou yo vin kote nou pou yo poze nou kesyon oswa pou yo mande nou piblikasyon. Èske yo òganize temwayaj an piblik nan kongregasyon pa w la? Si wi, petèt ou ka patisipe nan fòm temwayaj sa a ki bay kè kontan e ki bay bon rezilta pou w ka “pwoklame wayòm Bondye a”. — Lik 9:60.