Èske w konn sèvi ak fich envitasyon ?
Yon jou, gen yon tigason 11 an ki te jwenn yon fich envitasyon pou yon diskou piblik yo t apral bay sou lanfè. Men ki deklarasyon li fè annapre : “ Se yon kesyon ki te enterese m seryezman. Etandone m te toujou ap fè sa k pa sa, mwen te pè, lè m mouri, pou mwen pa al boule nan lanfè. ” Li te asiste diskou a e, apre li fin pase anviwon yon ane ap etidye Labib, li te batize. Se konsa karyè Karl Klein, ki te pase plizyè ap sèvi kòm manm Kolèj santral Temwen Jewova yo, te kòmanse. Tout sa, grasa yon fich envitasyon.
Jis jodi a, fich envitasyon se toujou yon bon mwayen pou moun bay temwayaj. Gen anpil pwoklamatè ki twouve lè yo lonje youn bay yon moun, se yon bon mwayen pou yo tou prezante yo e pou yo tou kòmanse yon konvèsasyon. Paran yo ka sèvi ak fich envitasyon pou yo fè timoun piti yo patisipe nan predikasyon. Pwoklamatè ki konn ekri lèt pou yo preche ka mete yon fich envitasyon nan anvlòp la pou yo fè moun yo konnen orè reyinyon yo. E, natirèlman, fich envitasyon se yon mwayen apwopriye pou nou envite etidyan nou yo ak lòt moun ki enterese nan reyinyon.
Èske ou menm ou byen sèvi ak fich envitasyon nan ministè w ?