Yon kanpay mondyal pou anonse kongrè distri “ Delivrans lan toupre ! ” a
Pwoklamatè nan tout kongregasyon pral distribye yon fich envitasyon espesyal
1 Apati prentan 2006 rive jis lè tout kongrè distri yo fini nan lemonnantye, pral gen yon kanpay mondyal nan emisfè nò a pou anonse kongrè distri ki pral fèt nan anviwon 155 peyi. Kanpay sa a ap konsène tou kongrè espesyal ki gen pou fèt diran mwa jiyè ak premye semèn mwa out 2006 la nan peyi Almay, Repiblik tchèk ak Polòy.
2 Etandone n ap viv nan dènye pati tan lafen an, kongrè sa yo, ki pral mete aksan sou pwomès Bondye fè pou l delivre nou anba sistèm mechan sa a, pral enterese moun ki nan dispozisyon kòrèk yo anpil. Mesaj la ta dwe motive yo pou yo reflechi sou sa ki gen pou rive alavni. Plis pase 98 000 kongregasyon Temwen Jewova yo jwenn ankourajman pou yo anonse avèk zèl kongrè distri k ap vini an, nan objektif pou yo bay plizyè milyon moun opòtinite pou yo tande yon mesaj espwa ak konsolasyon.
3 Y ap voye ase fich envitasyon bay tout kongregasyon pou pèmèt chak pwoklamatè jwenn 50 fich omaksimòm. Si gen fich anplis, pyonye yo kapab itilize yo. Chak kongregasyon ap kòmanse kanpay pa l twa semèn anvan dat kongrè pa l la. Sa ap bay kongregasyon an ase tan pou l kouvri pifò tèritwa l, si se pa tout nèt.
4 Nou ankouraje nou pou nou kite yon fich envitasyon pou chak moun nou rankontre, depi sa posib. Men, si gen kèk moun ki pa lakay yo, nou ka kite yon fich anba pòt la. Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou distribye tout fich envitasyon yo pandan twa semèn nan.
5 Nou gen konfyans efò nou tout pral fè pou nou anonse kongrè distri “ Delivrans lan toupre ! ” a, jan nou wè l nan atik sa a, pral pèmèt nou bay yon kokenn temwayaj. N ap priye pou Jewova beni efò nou chak pral fè etan n ap patisipe nan kanpay mondyal sa a.