Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 des.
“ Anpil moun ap plenyen lè yo konstate jan sezon fèt vin tounen sezon pou moun fè komès yo mache. Èske w panse se pou sa fèt yo la ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine fason koutim anrapò ak fèt yo chanje avèk letan. Li pale tou sou fason nou ka onore Bondye ak Kris toutbonvre. ” Li Jan 17:3.
Réveillez-vous! 22 des.
“ Èske w konn tande pale de yon grip ki te rele grip espayòl ? [Kite moun nan reponn.] Sa gen anviwon 85 an depi epidemi sa a te touye nan 24 semèn plis moun pase kantite moun sida touye nan 24 an. Gen moun ki rele maladi sa a pi gwo flewo nan listwa. Peryodik sa a egzamine posiblite pou yon bagay konsa ta refèt ankò. Li bay rezon tou ki fè nou ta dwe gen espwa. ” Li Izayi 33:24.
Toudegad 1ye jan.
“ Lèzòm gen kapasite pou yo fè anpil bagay ki bon. Sepandan, yo konn fè bagay ki tèlman atwòs, pa menm gen mo pou kalifye yo. Èske w janm mande tèt ou poukisa yo aji konsa ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a di ki repons Bib la bay sou kesyon sa a. Li esplike tou fason byen pral venk mal. ” Li Women 16:20.
Réveillez-vous! Jan.
“ Èske w janm mande tèt ou ki jan monn nan ap ye nan 20 an oubyen nan 30 an ? [Kite moun nan reponn, epi li Sòm 119:105.] Bib la klere chemen nou e sa fè nou rive disène ki sa lavni rezève pou nou. Peryodik sa a egzamine kèk pwofesi ki montre ki kote nou ye nan tan an e li egzamine tou rezon ki fè nou ka espere yon bèl avni. ”