Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou aji avèk byenveyans
1 “ Jewova gen konpasyon. ” (Sòm 145:8). Byenke li se Souvren linivè a, li gen bonte, e li montre konsiderasyon ak jantiyès nan relasyon li ak lèzòm enpafè (Jen. 13:14 ; 19:18-21, 29). Nou ka amelyore fason nou prezante bon nouvèl la, lè nou imite Bondye nou an ki gen konpasyon (Kol. 4:6). Sa mande plis pase annik montre politès ak respè nan pawòl nou.
2 Nan predikasyon kay an kay : Ki sa nou ka fè si nou vizite yon moun lakay li nan yon lè ki pa apwopriye pou li oswa nan yon lè li pa ka pale avèk nou paske li okipe anpil ? Nou ta dwe konprann sitiyasyon an pou nou fè prezantasyon nou an tou kout, oswa nou ka ofri l pou nou retounen yon lòt lè. Avèk jantiyès, nou ta dwe evite ensiste pou moun yo aksepte piblikasyon si yo refize. Konsiderasyon nou gen pou moun ap pouse nou tou pou nou montre respè pou pwopriyete yo, pa egzanp pou nou fèmen baryè yo oswa pòt yo lè nou fin pase e pou nou fòme pitit nou pou yo fè menm jan an. Lè nou kite piblikasyon pou moun ki pa la, n ap veye pou nou mete yo yon fason pou lòt moun pa wè yo. An reyalite, lè nou gen byenveyans, sa ap pouse nou pou nou trete lòt moun jan nou ta renmen yo trete nou. — Lik 6:31.
3 Nan predikasyon nan lari : Pandan n ap preche nan lari, nou ka montre koutwazi lè nou pa bloke pasaj la e lè nou pa gwoupe devan biznis moun. N ap obsève sitiyasyon moun yo, olye nou pale ak moun nou wè ki prese, n ap chèche pale ak moun petèt ki dispoze kèk minit. Pafwa, akoz bri ki gen nan lari a, nou ka oblije pale fò pou moun nan ka tande. Toutfwa, nou dwe fè sa yon fason ki konvnab, pou n pa atire atansyon sou nou. — Mat. 12:19.
4 Lè n ap bay temwayaj nan telefòn : Lefètke nou gen konsiderasyon pou moun, sa ap pouse nou rete yon kote ki pa gen anpil bri lè n ap bay temwayaj nan telefòn. N ap montre nou gen jantiyès lè nou idantifye nou byen vit e lè nou esplike moun nan rezon ki fè nou rele l. Lè nou kenbe telefòn nan toupre bouch nou e nou gen yon ton vwa ki agreyab, sa ap pèmèt nou fasilite moun nan antre nan yon konvèsasyon edifyan ki baze sou Ekriti yo (1 Kor. 14:8, 9). Lè nou janti, lè nou montre konsiderasyon pou moun e lè nou montre koutwazi nan divès fason nou sot wè la a yo, nou imite Jewova, Bondye nou an ki gen konpasyon.