Temwayaj kay an kay
1. Ki kesyon ki soulve anrapò ak predikasyon kay an kay la, e poukisa ?
1 “ Moun ki gen eksperyans nan simaye laverite divès fason ap dakò sou sa, kanpay kay an kay k ap fèt ak liv ki rele L’AURORE DU MILLÉNIUM nan se fason ki pi efikas pou preche laverite jodi a. ” Nou jwenn sitasyon sa a nan Toudegad 1ye jiyè 1893 (anglè) ki te souliye enpòtans temwayaj kay an kay la genyen. Moun tout kote sou tè a vin konnen fòm temwayaj sa a kòm mak fabrik Temwen Jewova yo. Èske metòd sa a toujou efikas, piske nan kèk peyi li vin pi difisil chak jou pou nou jwenn moun yo lakay yo ?
2. Ki baz biblik temwayaj kay an kay la genyen ?
2 Li biblik e li enpòtan : Temwayaj kay an kay la gen yon baz biblik. Jezi te voye 70 disip li yo al preche kay moun yo de pa de (Lik 10:5-7). Men sa Bib la di disip Jezi yo te fè yon ti tan apre li te fin mouri : “ Chak jou, san rete, ni nan tanp lan ni kay an kay, yo te kontinye anseye e yo te kontinye anonse bon nouvèl la. ” (Tra. 5:42). Apot Pòl li menm tou te anseye avèk zèl kay an kay. — Tra. 20:20.
3. Site kèk avantaj ki genyen nan temwayaj kay an kay la ?
3 Temwayaj kay an kay la toujou rete yon metòd enpòtan pou nou simaye bon nouvèl la jodi a. Li ede nou pou nou “ chèche ” moun ki diy yo yon fason ki efikas e ki òganize (Mat. 10:11). Jeneralman, moun yo pi rilaks lè yo lakay yo. Lè nou pale ak yo fas a fas, nou koute vwa yo, nou gade ekspresyon vizaj yo, e nou obsève anviwònman yo, sa pèmèt nou disène sa ki enterese yo ak sa ki okipe lespri yo. Sa toujou ban nou pi bon opòtinite pou nou gen bèl konvèsasyon ak moun yo.
4. Ki jan nou ka fè temwayaj kay an kay la bay pi bon rezilta ?
4 Fè ajisteman : Apot Pòl te dispoze fè ajisteman “ akoz bon nouvèl la ”. (1 Kor. 9:23.) Petèt nou ka ajiste pwogram nou pou nou preche lè li pi pwobab pou moun yo lakay yo, pa egzanp pi ta nan jounen an, nan wikenn, oswa lè gen jou ferye. Nou kapab fè yon lis moun ki pa lakay yo, epi nou kapab pase wè yo yon lòt jou nan semèn nan oswa nan yon lòt lè nan jounen an.
5. Ki jan moun ki gen pwoblèm sante kapab patisipe nan predikasyon kay an kay la ?
5 Menm moun ki gen pwoblèm sante kapab patisipe nan predikasyon kay an kay. Petèt, nou ka planifye pou nou mennen yo nan kay ki fasil pou nou rive ladan yo epi pèmèt yo pran san yo pou yo preche. Gen yon sè ki gen pwoblèm respirasyon, se sèlman chak demi èdtan li rive preche yon kay. Sepandan, se pa ti kontan li te kontan e se pa ti satisfè li te satisfè lefètke yo te entegre l nan gwoup la !
6. Poukisa nou ta dwe fè predikasyon kay an kay la vin yon aspè nan ministè nou nou patisipe ladan l regilyèman ?
6 Nou kontinye jwenn anpil moun ki sanble ak mouton grasa predikasyon pòt an pòt la. Gen yon pwoklamatè ki te frape nan yon pòt e ki te tande yo di l : “ Antre. Mwen konnen kiyès ou ye. Mwen t ap priye Bondye pou l voye yon moun vin ede m, epi apre sa mwen tande w frape nan pòt la. Bondye te tande priyè m epi li voye w. ” Rezilta nou jwenn ban nou prèv Jewova beni metòd predikasyon sa a (Mat. 11:19). Annou pran detèminasyon pou nou fè temwayaj kay an kay la vin yon aspè nan ministè nou nou patisipe ladan l regilyèman.