Repons kesyon w yo
◼ Ki sa yo dwe di nan reyinyon predikasyon yo ?
Yo fè reyinyon predikasyon pou ede nou konsantre sou travay predikasyon nou pral fè a. Se sa k fè, kondiktè a dwe byen prepare, yon fason pou l ka di moun yo kichòy ki pou ankouraje yo, ki dirèk e k ap itil yo. Si tèks pou jounen an pale dirèkteman sou predikasyon, yo ka li l e yo ka fè kèk kòmantè sou li. Sepandan, se sou travay predikasyon an reyinyon sa a dwe chita. Y ap ede tout moun ki pral preche pou yo pi byen prepare, dekwa pou yo byen akonpli ministè yo jou sa a. — 2 Tim. 4:5.
Yo ka konvèse sou pwen nou jwenn nan Ministè Wayòm nan ki apwopriye pou tèritwa a, yon fason pou fè tout moun konnen ki piblikasyon y ap ofri pandan mwa a e fason pou yo prezante l. Lè se jounen peryodik, yo ka fè demonstrasyon daprè prezantasyon ki nan kolòn ki rele : “ Jan pou nou prezante peryodik yo. ” Lè y ap fè kanpay pou piblikasyon, yo ka pale sou youn oubyen de entwodiksyon ki nan liv Raisonner a ki adapte ak tèritwa a. Yo kapab konvèse sou yon aspè nan predikasyon an oubyen yo ka fè demonstrasyon sou li. Gen dwa se sou fason yon moun ka sèvi ak Bib la lè l ap preche, oswa se sou jan pou yon moun fè, lè l devan yon objeksyon. Konvèsasyon an kapab dewoule tou sou fason yo ka ofri yon etid biblik, oswa sou jan pou yo fè lè yo vle retounen vizite yon moun ki enterese.
Reyinyon pou predikasyon yo ta dwe dire ant 10 a 15 minit. Se nan menm tan sa a y ap bay patnè, y ap bay tèritwa e y ap priye. Anvan moun yo ale, yo tout ta dwe konnen ak kilès y ap preche epi ki bò. Yo ta dwe deplase tousuit. Piske reyinyon an se yon reyinyon ki kout, li enpòtan pou tout moun rive alè. Lè yo fè reyinyon sa a apre yon lòt reyinyon tankou etid La Tour de Garde konsa, li sipoze pi kout toujou. Yo pa bezwen fè tèks pou jounen an piske yo fèk sot pale sou Labib.
Yo ta dwe chwazi alavans yon frè batize ki kalifye pou dirije chak reyinyon predikasyon. Si gen yon jou, youn nan frè sa yo pap disponib, ansyen yo ta dwe chwazi yon sè batize piske sikonstans la egzije sa. L ap chita. Sa l ka fè, si tèks pou jounen an apwopriye pou predikasyon, li ka fè l, oubyen li ka pale sou lòt pwen ki gen rapò ak sèvis la sou fòm konvèsasyon. L ap bat pou l pa fè anpil kòmantè. Li dwe kouvri tèt li.
Reyinyon predikasyon yo se yon bèl okazyon nou genyen pou nou jwenn ankourajman e pou nou prepare nou pou n al preche. Tank kondiktè a pi byen prepare, se plis tout moun ap benefisye.