Yo gen kran, men yo pasifik
1 Anpil nan moun nou preche yo konn eksprime sa yo kwè sensèman, kwayans ki konn kontrè ak verite ki nan Bib la. Byenke nou dwe preche avèk kran, men tou nou dwe “ anpè ak tout moun ” e nou dwe evite ofanse moun yo (Wom. 12:18 ; Tra. 4:29). Men, lè n ap preche mesaj Wayòm nan, ki jan nou ka montre nou gen kran e nou pasifik anmenmtan ?
2 Chèche yon teren antant : Yon moun ki pasifik evite fè diskisyon. Si n ap pale ak yon moun ki atache ak kwayans li e n ap konteste kwayans sa yo san nesesite, sa pap fè l dispoze koute. Si li di yon bagay ki pa kòrèk, petèt, avèk tak, nou ka mansyone yon pwen nou toule de dakò sou li. Lè nou mete aksan sou pwen nou toule de dakò sou li, sa ka pèmèt nou kwape tout panse negatif epi sa ka pèmèt nou touche kè moun nan.
3 Si moun n ap pale avè l la eksprime yon pwennvi ki pa kòrèk epi nou pa di anyen sou sa, èske sa vle di se konpwomi n ap fè ? Non. Devwa nou antanke kretyen se pa pou nou konteste tout pwennvi ki pa kòrèk nou rankontre, men pito, se pou nou preche bon nouvèl Wayòm Bondye a (Mat. 24:14). Olye pou nou mal reyaji lè yon moun eksprime yon pwennvi ki pa kòrèk, nou kapab konsidere sa kòm yon opòtinite pou nou disène sa ki nan panse moun nan. — Pwo. 16:23.
4 Montre respè pou moun yo : Pafwa nou bezwen montre nou gen kran ak kouraj lè n ap demanti fo ansèyman. Sepandan, antanke moun ki pasifik, nou evite pase moun yo nan rizib, ni nou pa itilize mo ki rabesan pou nou kalifye moun ki kwè nan erè oswa k ap anseye erè. Si atitid nou montre nou santi nou siperyè pase lòt moun, sa kapab fè yo pa anvi tande nou, men, si nou abòde yo avèk imilite e avèk jantiyès, sa kapab fè yo vin pi dispoze koute si yo renmen laverite. Lè nou montre nou gen respè pou moun k ap koute nou yo ak pou kwayans yo, sa prezève diyite yo, e pakonsekan, sa fè li vin pi fasil pou yo aksepte mesaj nou an.
5 Apot Pòl te gen konsiderasyon pou kwayans moun li te konn preche yo e li te konn chèche prezante yo bon nouvèl la yon fason ki atiran e ki touche kè yo (Tra. 17:22-31). Li te dispoze vin “ tout bagay pou tout kalite moun ” yon fason pou l te ka “ sove kèk nan yo tout jan ”. (1 Kor. 9:22.) Nou ka fè menm bagay la lè nou montre nou pasifik toutpandan n ap preche bon nouvèl la avèk kran.