“ Se pou nou pare pou tout bon travay ”
1 Lè Jezi te kòmanse kanpay predikasyon pou l anonse bon nouvèl la, li te pran tan pou l prepare disip li yo (Mat. 10:5-14). Sepandan, menmsi nou tout okipe, si nou pran kèk minit pou nou prepare anvan n al preche pòt an pòt, sa ap ede nou rekòlte bon rezilta. — 2 Kor. 9:6.
2 Fason pou nou prepare : Pou nou byen prepare, toudabò nou dwe li enfòmasyon ki nan piblikasyon nou prevwa ofri yo. Anplis de sa, nou dwe panse ak moun ki nan tèritwa a. Ki sa ki preyokipe yo ? Ki prensipal kwayans moun nan tèritwa a genyen ? Nou kapab egzamine modèl prezantasyon yo bay nan Ministè Wayòm nan ak nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la pou nou ka jwenn kèk sijesyon.
3 Lè nou suiv demonstrasyon yo fè nan reyinyon sèvis la avèk atansyon, sa ap ede nou tou. Tank n ap vin gen eksperyans nan fason n ap prezante piblikasyon yo, n ap bezwen mwens tan pou nou prepare. Sepandan, chak fwa anvan n al preche, si nou fè yon ti reflechi sou sa nou pral di e nou chèche amelyore fason nou prezante mesaj la, n ap vin pi efikas. Nou dwe pran yon ti tan tou pou nou verifye si tout piblikasyon n ap bezwen yo nan valiz nou.
4 Ki sa k ap ede nou sonje sa nou prepare pou nou di lè nou pral preche ? Si nou fè repetisyon awotvwa, sa ap ede nou grave nan lespri nou sa nou ta renmen di a. Gen pwoklamatè ki renmen fè seyans repetisyon lè y ap fè etid familyal. Gen lòt ki twouve li itil pou yo rezime prezantasyon y ap fè a sou yon ti moso papye e pou yo fè yon ti gade ladan l anvan yo frape nan yon pòt.
5 Poukisa sa pwofitab : Lè nou byen prepare, sa fè nou vin pi efikas e sa ban nou plis jwa nan ministè a. Sa fè nou pi alèz e nou gen mwens strès lè n ap preche. Nou kapab bay moun n ap pale avè l la plis atansyon olye nou rete ap reflechi sou sa nou pral di. Anplis de sa, si nou byen konnen bonjan enfòmasyon ki nan piblikasyon yo, n ap ka ofri yo avèk antouzyas.
6 Ekriti yo ankouraje nou pou nou “ pare pou tout bon travay ”. (Tit 3:1.) Ki pi bon travay ki genyen pase preche bon nouvèl la ? Si nou byen prepare, n ap demontre respè ni pou moun ki dispoze koute nou ni pou Jewova, Dye nou reprezante a. — Iza. 43:10.