Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye me
“ Lefètke katastwòf natirèl yo ogmante anpil nan epòk nou an, sa konn fè anpil moun di se Bondye k ap pini nou. Sa w panse ou menm ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li 1 Jan 4:8.] Atik sa a esplike poukisa Bondye pa responsab soufrans katastwòf natirèl yo lakòz. ” Montre atik ki kòmanse nan paj 30 lan.
Réveillez-vous! Me
Li Matye 6:10. Apre sa, mande moun nan : “ Èske w pa janm mande tèt ou ki volonte Bondye pou tè a ? [Kite moun nan reponn.] Bib la fè konnen Bondye te gen yon objektif pou tè a depi okòmansman, e objektif sa a pa chanje. Se sa atik sa a esplike. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.
La Tour de Garde 1ye jen
“ Youn nan istwa biblik anpil moun konnen byen se istwa Noye ak delij la. Èske w panse delij la te fèt toutbonvre ? [Kite moun nan reponn.] Yon bagay ki enteresan, sèke Jezi te pale de evènman sa a kòm yon evènman ki te rive toutbonvre. [Li Lik 17:26, 27.] Peryodik sa a bay rezon ki fè nou ka kwè nan istwa konsènan delij la e li pale de yon leson esansyèl istwa sa a anseye nou. ”
Réveillez-vous! Jen
“ Leve timoun se yon defi, sitou lè yo kòmanse rive nan laj adolesans kote gen anpil chanjman k ap fèt nan kò yo. Ki kote w panse paran yo ka chèche konsèy ki fyab ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Izayi 48:17, 18.] Peryodik sa a bay kèk sijesyon ki adapte ak epòk nou an pou ede paran yo aji avèk sajès e disènman. ”