Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye out
“Anpil moun kwè tout bon moun yo pral nan syèl. E ou menm, èske se sa w kwè tou? [Kite moun nan reponn.] Gade sa vèsè sa yo di konsènan latè. [Li Sòm 37:11, 29.] Atik sa a montre sa Jezi te anseye konsènan avni lèzòm sou tè a.” Atire atansyon sou atik ki kòmanse nan paj 22 a.
Réveillez-vous! Out
“Pa gen anpil evènman nan lavi a ki ka afekte nou plis pase lanmò yon paran nou. Èske w dakò? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun ki jwenn rekonfò nan kèk vèsè biblik tankou vèsè sa a. [Li Revelasyon 21:4.] Atik sa a esplike ki jan pou nou reyaji devan pakèt emosyon ki ka anvayi moun nan sikonstans sa a, sitou jèn yo.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.
La Tour de Garde 1ye septanm
“Gen moun ki di si w fidèl anvè Bondye, l ap ba ou richès kòm benediksyon, men si w pòv, sa vle di ou pa gen apwobasyon Bondye. E ou menm, ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Li enteresan pou nou note Jezi pa t yon moun ki rich. [Li Lik 9:58.] Peryodik sa a egzamine ki jan de benediksyon sèvitè Bondye yo ka atann y ap jwenn.”
Réveillez-vous! Septanm
“Èske w panse jodi a jèn yo rankontre plis pwoblèm pase lontan? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun ki panse vèsè sa a byen dekri epòk nou an. [Li 2 Timote 3:1.] Peryodik sa a egzamine kèk prensip pratik nou jwenn nan Bib la ki ka ede paran yo ak jèn yo fè fas ak pwoblèm y ap rankontre.”