Èske w sèvi ak tout ribrik ki nan Toudegad piblik la ?
1 Men sa yon sè te ekri apre l te fin li Toudegad 1ye janvye 2008 la : “ Mwen enpasyan pou m sèvi avè l nan predikasyon ! ” Èske w egzamine kèk ribrik nan Toudegad piblik la, e èske w deja wè fason w ka byen sèvi ak yo nan ministè a ?
2 “ Sa Jezi aprann nou ” : Petèt ou deja rann ou kont ribrik sa a itil pou kòmanse etid biblik. Lè w ap preche, eseye li tit atik ki nan ribrik la pou moun w ap preche a, epi atire atansyon l sou sa Jezi di sou sijè a, jan yo rapòte sa nan premye paragraf nan atik la. Si w poko fè sa, li ta bon pou w eseye. Si moun nan montre li enterese, pou w ka pousuiv konvèsasyon an, ou ka sèvi ak soutit yo ki prezante sou fòm kesyon. Soutit sa yo ap ede moun nan reflechi. Envite moun nan fè kòmantè sou yo. Fè yon ti pale tou kout sou foto ki gen rapò ak sijè a, epi pase nan pwochen paragraf la. Ou ka egzamine mwatye nan atik la depi premye fwa ou rankontre moun nan e ou ka egzamine lòt mwatye a avè l lè w retounen vizite l. Se pou w prepare w pou w kontinye etid la nan liv Sa Labib anseye a.
3 “ Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi ” : Ribrik sa a, ki parèt chak twa mwa, fèt pou ede mari, madanm ak paran pou yo wè fason yo ka aplike prensip biblik yo lè y ap fè fas ak pwoblèm ki menase lapè nan fanmi an. Ou ka sèvi ak atik sa yo tou pou w ede moun ki pa Temwen Jewova wè sajès ki gen nan Bib la. — 2 Tim. 3:16, 17.
4 “ Pou jèn yo ” : Nan ribrik sa a, nou jwenn yon egzèsis ki pèmèt jèn yo reflechi sou yon istwa ki nan Bib la. Ou ka sèvi ak jan de egzèsis sa yo pou w ede jèn ou rankontre nan ministè a wè valè pratik etid Pawòl Bondye a genyen (Sòm 119:9, 105). Lè w ap pale ak paran, ou ka sèvi ak ribrik ki rele “ Anseye pitit ou ”, ki parèt chak de mwa. Atik ki nan ribrik sa a pèmèt timoun piti yo aprann leson enpòtan sèten pèsonaj biblik kite pou nou. Èske w pran dispozisyon pou w li atik sa yo ak pitit ou ?
5 Lòt ribrik : Chak mwa, nan ribrik “ Lektè nou yo ta renmen konnen ”, yo egzamine yon kesyon moun ki pa Temwen Jewova ta ka poze. Nou ka atire atansyon moun yo sou ribrik sa a lè n ap ofri peryodik yo kay an kay. Ribrik “ Yon lèt ki soti... ” a rapòte eksperyans touchan kote misyonè oswa lòt moun rakonte difikilte yo te rankontre. Ribrik sa a ka ede moun ki enterese yo rann yo kont bon nouvèl la ap preche sou tout tè a, jan Ekriti yo te predi sa anrapò ak siy prezans Kris la. — Mat. 24:3, 14.
6 Ribrik “ Annou pwoche bò kote Bondye ” a ki parèt chak mwa se yon ribrik ki baze sou pwogram lekti Labib pou Lekòl ministè teyokratik la. Se yon ribrik ki ka pouse moun ki gen kè sensè yo chèche konnen plis sou Jewova. Ribrik “ Annou imite lafwa yo ” a ki parèt kat fwa nan ane a se yon ribrik ki ede moun yo imajine istwa biblik yo. Li prezante pèsonaj biblik yo ansanm ak chwa yo te fè, difikilte yo te rankontre, lafwa yo te demontre, yon fason vivan pou lektè nan epòk modèn nan.
7 Se pa ti kontan nou kontan lè nou resevwa yon nimewo Toudegad chak mwa, Toudegad ki fèt pou nou itilize nan travay predikasyon an ! Annou fè tout sa nou kapab pou nou byen konnen sa k gen nan chak nimewo e pou nou sèvi ak tout ribrik ki nan Toudegad piblik la nan ministè a.