Yon nouvo ribrik pou ede nou kòmanse etid biblik
1. Nan Toudegad piblik la, ki nouvo ribrik k ap parèt, e poukisa yo fè ribrik sa a?
1 Apati mwa pwochen, gen yon nouvo ribrik k ap parèt nan Toudegad piblik la pou ede nou kòmanse etid biblik avèk moun yo. Men tit ribrik la: “Kite Pawòl Bondye a anseye w.” Byenke ap gen moun nan tèritwa a k ap byen kontan li chak atik nan ribrik la, men, an reyalite, yo fè atik sa yo pou nou sèvi ak yo pou nou fè konvèsasyon ak moun nou rankontre yo.
2. Bay kèk aspè enteresan k ap gen nan atik sa yo?
2 Sa n ap jwenn nan nouvo atik yo: Ni tit atik yo ni soutit yo se kesyon yo ye, konsa nou ka poze moun nou rankontre a kesyon sa yo pandan konvèsasyon n ap fè avè l la. Yo bay kèk vèsè kle kòm referans, men yo pa site yo, yon fason pou moun nan ka pran plezi pou l aprann laverite nan Pawòl Bondye a dirèkteman. Yo fè paragraf yo tou kout dekwa pou nou ka egzamine yo ak moun nan devan pòt kay la si moun nan pa kite nou antre. Chak atik refere nou nan liv Sa Labib anseye a pou ede nou vire etid la nan liv la lè sa apwopriye.
3. Lè n ap preche kay an kay, kòman nou ka itilize atik ki nan nouvo ribrik la pou n kòmanse etid biblik ak moun yo depi nan papòt kay yo?
3 Fason pou nou itilize nouvo ribrik la: Lè n ap ofri peryodik yo, nou ka poze moun nou rankontre a yon kesyon k ap eveye enterè l sou sijè jeneral yo pale nan atik ki nan nouvo ribrik la. Pa egzanp, nouvo ribrik ki nan peryodik Janvye-Mas la pale sou enpòtans Bib la genyen. Nou ka mande moun nan: “Èske w panse Bib la se Pawòl Bondye oubyen èske se jis yon bon liv? [Kite moun nan reponn.] Mwen gen yon atik enteresan ki pale sou sijè sa a.” Atire atansyon moun nan sou premye kesyon ki nan atik la. Li premye paragraf la epi li vèsè yo bay kòm referans lan nan Bib la. Li kesyon an ankò, ansuit mande moun nan pou l reponn. Si sa apwopriye, egzamine kantite paragraf ki posib ak moun nan. Sèvi ak kesyon ki nimewote yo kòm baz pou konvèsasyon an. Anvan n kite moun nan, atire atansyon l sou pwochen kesyon ki nimewote a epi pran randevou pou n vin pale sou kesyon sa a avè l. Fè efò pou n vizite moun nan chak semèn dekwa pou n ka egzamine lòt pati nan atik la ansanm avè l, jiskaske n pote pwochen peryodik la pou li. Yon lòt posiblite nou genyen pou n kòmanse yon etid biblik ak yon moun, se lè nou itilize metòd dirèk la, sa vle di nou annik ofri moun nan yon etid. Ansuit, nou itilize atik ki nan nouvo ribrik la pou n montre moun nan fason nou fè etid la.
4. Lè n retounen vizite moun yo, kòman nou ka itilize atik ki nan nouvo ribrik la?
4 Anplis de sa, nou ka byen sèvi ak nouvo ribrik la ni lè n ap vizite moun ki aksepte peryodik yo regilyèman ni lè n ap fè lòt nouvèl vizit. Nou ka annik di moun nan: “Gen yon nouvo ribrik ki parèt nan Toudegad la. Kite m montre w fason nou itilize l.” Nou priye Jewova pou nouvo ribrik sa a pèmèt plis moun ‘vin gen konesans egzak sou laverite’. — 1 Tim. 2:4.