Yon seri atik k ap itil nou nan ministè a
1. Site de rezon prensipal ki fè yo fè seri atik ki gen tit “Konvèsasyon ak yon moun nan vwazinaj la”.
1 Detanzantan, nan Toudegad piblik la yo mete yon seri atik ki gen tit: “Konvèsasyon ak yon moun nan vwazinaj la”. Yo fè seri atik sa a pou de rezon prensipal: Pou nou ka prezante ansèyman ki nan Bib la yon fason pou l atire moun yo. Epi pou montre nou fason nou ka rezone ak moun yo sou yon seri sijè avèk anpil tak (1 Pyè 3:15). Ki jan nou ka byen sèvi ak atik sa yo?
2. Ki jan nou ka itilize seri atik sa a nan ministè a?
2 Itilize yo nan ministè a: Depi yon Toudegad gen seri atik sa a ladan l nou ka sere kèk anplis. Lè yon moun nou rankontre nan predikasyon, yon moun ki enterese oubyen yon etidyan poze yon kesyon oubyen yo soulve yon objeksyon, e yo te deja pale sou sijè a nan yon atik ki nan seri a, nou ka ba yo peryodik ki gen atik la ladan l. Apre sa, nou ka ofri yo pou n vin egzamine l avè yo. Si nou pa gen peryodik ki pale sou sijè a, petèt nou ka telechaje l sou sit jw.org/ht.
3. Ki sa nou ka fè lè n ap egzamine youn nan atik sa yo ak yon moun?
3 Ki sa nou ka fè lè n ap egzamine youn nan atik sa yo ak yon moun? Gen pwoklamatè ki mande moun nan pou l li pawòl moun ki nan vwazen la di a awotvwa epi li menm li li pawòl Temwen Jewova a di a. Lè pwoklamatè yo sèvi ak konvèsasyon ki nan atik la, sa bay bon rezilta paske li pèmèt moun ki poze kesyon an egzamine kwayans nou yon fason ki pa fè l santi l mal alèz. — Det. 32:2.
4. Ki jan nou ka sèvi ak atik ki nan seri a pou n fòme tèt nou?
4 Fòme tèt nou, fòme etidyan nou: Lè n ap li atik sa yo, reflechi sou vèsè yo, egzanp yo bay, ak fason yo fè rezònman yo. Reflechi sou ton yo itilize lè y ap fè konvèsasyon an (Pwo. 1:5; 9:9). Gen yon sè ki fè remak sa a: “Lè m ap li atik sa yo se tankou m ap pran fòmasyon nan men yon patnè ki se yon pyonye ‘pafè’, sa vle di yon moun ki toujou konnen egzakteman sa pou l di!”
5. Ki jan nou ka ede etidyan nou yo prepare yo pou yo preche?
5 Nou ka sèvi ak atik sa yo pou n ede etidyan nou yo prepare yo pou yo preche. Li enfòmasyon yo ansanm ak etidyan an epi kite l jwe wòl pwoklamatè a. Konsa, etidyan an ka aprann fason pou l pataje kwayans li ak lòt moun avèk tak (Kol. 4:6). Vrèmanvre, atik sa yo se youn nan pakèt mwayen Jewova itilize pou l ede nou “akonpli” ministè nou “nèt”. — 2 Tim. 4:5.