BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/08 p. 1
  • Nouvo pwogram pou reyinyon kongregasyon an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nouvo pwogram pou reyinyon kongregasyon an
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Reyinyon predikasyon ki atenn objektif yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Enstriksyon jeneral sou fason pou reyinyon
    Enstriksyon pou reyinyon lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen
  • Reyinyon ki la “pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 10/08 p. 1

Nouvo pwogram pou reyinyon kongregasyon an

1, 2. Ki chanjman ki pral fèt nan reyinyon yo apati janvye 2009 ?

1 Nan semèn 21-27 avril 2008, nan lemonnantye, frè yo te tande yon anons ki te ba yo anpil kè kontan. Men sa yo te di nan anons lan : “ Apati 1ye janvye 2009, Etid liv la ap fèt menm jou ak Lekòl ministè teyokratik la ansanm ak Reyinyon sèvis la. Non Etid liv la ap chanje, l ap rele Etid biblik kongregasyon an. ”

2 Pwogram pou reyinyon ki fèt nan jou semèn nan : Kantite tan antou reyinyon sa yo ap dire se 1 èdtan 45 minit, kantik ak priyè ladan l tou. Y ap kòmanse reyinyon an ak kantik ak priyè (5 min), apre sa, y ap fè Etid biblik kongregasyon an (25 min). Tousuit apre, y ap fè Lekòl teyokratik la (30 min). Apre sa, y ap chante yon kantik (5 min) pou yo entwodui Reyinyon sèvis la (35 min). Y ap tèmine reyinyon an ak yon kantik ak lapriyè (5 min). Pou yo ede nou prepare pou reyinyon sa yo, chak mwa y ap pibliye nan Ministè wayòm nan pwogram Etid biblik kongregasyon an, pwogram Lekòl teyokratik la ak pwogram Reyinyon sèvis la.

3. Ki jan y ap fè Etid biblik kongregasyon an ?

3 Etid biblik kongregasyon an : Yo pral fè reyinyon sa a menm jan ak Etid Toudegad la. Li pa nesesè pou yo fè yon revizyon sou pati yo te etidye semèn anvan an nan kòmansman etid la. Olye de sa, y ap sèlman fè yon entwodiksyon tou kout. Sa ap fè gen ase tan pou tout moun ki prezan yo fè kòmantè. Siveyan prezidan an ap prepare asiyasyon pou ansyen yo kondui reyinyon sa a, l ap fè yon woulman, l ap ba yon ansyen diferan fè l chak semèn.

4. Ki sa ki pral chanje nan Reyinyon sèvis la ?

4 Reyinyon sèvis : Reyinyon sèvis la ap rete menm jan an, men patisipasyon yo ap pi kout. An jeneral, anons lan ap dire senk minit. Kantite tan sa a dwe sifi pou yo fè anons ki esansyèl yo e pou yo li kèk lèt filyal la voye. Gen kèk anons yo pap bezwen li sou estrad la ankò, anons tankou kote y ap fè reyinyon pou predikasyon, netwayaj, rapò sou sèvis kont, lèt filyal la abitye voye regilyèman yo, men y ap mete yo sou tablo afichaj la pou frè yo ka li yo. Moun ki resevwa asiyasyon pou yo patisipe nan reyinyon sèvis la dwe fè bonjan preparasyon, yo dwe respekte tan yo ba yo a e yo dwe byen suiv enstriksyon yo ba yo.

5. Pandan semèn vizit siveyan sikonskripsyon an, ki jan pwogram reyinyon kongregasyon an ap ye ?

5 Vizit siveyan sikonskripsyon : Pwogram pou semèn siveyan sikonskripsyon an pap chanje. Nan madi ap gen Lekòl ministè teyokratik ak Reyinyon sèvis, apre sa y ap chante. Tousuit apre, siveyan sikonskripsyon an ap bay yon diskou k ap dire 30 minit. Jan sa abitye fèt pandan semèn vizit siveyan sikonskripsyon an, y ap chwazi yon lòt jou pou yo fè Etid biblik kongregasyon an, apre sa ap gen yon kantik, ansuit siveyan sikonskripsyon an ap bay diskou sèvis la. Y ap tèmine reyinyon an ak yon kantik ak lapriyè.

6. Ki wòl siveyan gwoup la ?

6 Reyinyon pou predikasyon : Kolèj ansyen an ap nome kèk siveyan gwoup pou yo òganize gwoup pou predikasyon yo e pou yo pran swen moun ki nan gwoup sa yo. Lè se yon asistan ministeryèl yo chwazi pou ranpli fonksyon sa a, y ap rele l “ sèvitè gwoup ”.

7. Ki sa nou ka atann nou pral jwenn nan nouvo pwogram pou reyinyon kongregasyon an ?

7 Jan nou ka wè sa nan atik sa a, pandan reyinyon sa yo, n ap gen opòtinite pou nou gen yon bankè espirityèl, kote nou pral resevwa enfòmasyon k ap itil nou, enfòmasyon k ap ankouraje nou. Sa ap pèmèt nou vin pwoklamatè ak anseyan ki efikas, pwoklamatè ki resevwa fòmasyon pou nou akonpli yon ministè ki bay bon rezilta. — Efe. 4:13, 14 ; 2 Tim. 3:17.

8. Lè nou prepare reyinyon yo alavans, kòman sa ka pwofitab ni pou nou ni pou lòt moun ?

8 Lè nou etidye sijè yo pral egzamine nan reyinyon yo alavans, sa ap ede nou kenbe pwen kle yo egzamine nan chak reyinyon sa yo byen klè nan lespri nou. N ap gen okazyon pou nou fè kòmantè, konsa n ap kontribye pou gen bonjan echanj ankourajman antre nou (Wom. 1:11, 12 ; Ebre 10:24). Objektif nou se ta dwe pou ‘ pwogrè nou parèt vizib pou tout moun ’ lè nou “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. — 1 Tim. 4:15 ; 2 Tim. 2:15.

9. Ki rezolisyon nou pran, e poukisa ?

9 Nou kontan anpil pou chanjman enpòtan sa yo yo fè nan reyinyon kongregasyon an. Se pou nou tout toujou suiv direksyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ban nou e se pou nou rete pwòch Gran Bèje nou an toutpandan l ap prepare nou pou gwo “ tribilasyon ” an ki prèt pou rive. — Mat. 24:21, 45 ; Ebre 13:20, 21 ; Rev. 7:14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje