“ Bay yon temwayaj konplè ” — Lè nou preche nan apatman yo
1. Ki sa “ bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl ” la enplike ?
1 Menm jan ak apot Pòl, dezi nou se pou nou “ bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl ” la (Tra. 20:24). Se sa k fè nou fè tout efò nou pou nou rive jwenn plis moun nou kapab nan tèritwa a pou nou ba yo mesaj Wayòm nan. Pami moun sa yo, gen anpil k ap viv nan bilding ki gen plizyè apatman. Pafwa, li ka difisil pou nou rive jwenn moun k ap viv nan bilding sa yo. Men, kòm bilding ki gen plizyè apatman yo gen anpil moun, sa ban nou anpil posiblite pou nou simaye bon nouvèl la.
2. Sa k fè pridans ak bonsans nesesè lè n ap preche nan bilding ki gen plizyè apatman ?
2 Akoz krim ak vyolans ki reprezante yon menas, gen yon kantite bilding ki gen plizyè apatman ki klete baryè antre yo. Bilding sa yo gen gadyen oswa gen kamera pou siveye ladan yo (2 Tim. 3:1, 2). Nan bilding sa yo kapab gen règ ki entèdi moun antre si pa gen moun ki envite yo. Moun ki responsab bilding nan ka gen tandans mande nou kite bilding nan, sitou si youn nan moun ki rete nan apatman yo pote plent. Se sa k fè, li enpòtan pou nou pridan e pou nou demontre nou gen bonsans.
3. Ki pi bon lè pou n al preche nan apatman yo, e poukisa ?
3 Ki lè pou nou preche : Menm jan ak lòt tèritwa yo, li pi bon pou nou preche nan apatman yo nan moman li pi pwobab pou moun yo lakay yo. Moun ka sispèk nou si nou vini nan lè pifò moun ki nan apatman yo pa la. Gen anpil pwoklamatè ki reyisi jwenn moun lakay yo nan fen aprèmidi, oswa samdi ak dimanch nan aprèmidi. Si n al preche twò bonè nan apatman yo, sitou lewikenn, sa ka fè moun yo pote responsab bilding nan plent pou nou.
4, 5. Ki jan nou ka fè pou nou antre nan kèk bilding ki gen baryè ki klete yo ?
4 Fason pou n antre nan bilding yo : Pwoklamatè yo pa dwe kontakte responsab bilding nan oswa lòt moun k ap travay nan bilding nan anvan yo kòmanse preche. Si baryè bilding nan klete e si gen yon entèfòn devan antre a, nou ka sèvi avèk entèfòn nan pou nou jwenn yon moun ki aksepte kite nou antre pou nou pale avè l. Selon jan apatman yo fèt, pandan nou anndan bilding nan, nou ka tou preche pòt a pòt lè nou fin pale ak moun ki te kite nou antre a. Men, gen lòt ka kote li t ap pi saj pou nou soti nan bilding nan e pou nou sèvi ak entèfòn nan ankò pou nou kontakte yon lòt moun. Nou ta dwe sèvi ak bonsans lè n ap deside ki kantite moun n ap kontakte fason sa a nan menm okazyon an.
5 Gen kèk moun ki ka prefere ou ba yo rezon ki fè w ap vizite yo a nan entèfòn nan. Si se sa, avèk jantiyès, bay moun nan non w. Si non moun w ap pale avè l la ekri sou lis non ki bò entèfòn nan, ou ka site non l. Yon fason ki brèf, di l sou ki sijè ou vin pale avè l. Gen kèk pwoklamatè ki jwenn bon rezilta lè yo li yon entwodiksyon dirèkteman nan liv Comment raisonner a.
6. Ki sa nou dwe fè lè n ap preche nan bilding ki gen gadyen ?
6 Si bilding nan gen yon gadyen ki pa ban nou otorizasyon antre pou nou preche nan apatman yo, fè tout posib nou pou nou preche gadyen an. Gen anpil gadyen ki renmen li piblikasyon nou yo. Nou ka menm gen posiblite kòmanse yon etid biblik e nou ka kondui l nan sal d atant bilding nan. Si gadyen an ban nou otorizasyon pou nou vizite yon moun an patikilye ki te montre li enterese, jeneralman li pi bon pou nou pa pran libète frape nan lòt pòt.
7. Ki sa nou dwe toujou sonje anrapò ak valiz predikasyon nou ?
7 Aparans nou ak fason nou konpòte nou : Nou ka fè moun remake nou twòp si nou gen yon valiz ki twò gwo. Se pou sa, nou ta dwe pote yon valiz moun pap remake fasil oubyen pa pote valiz ditou. Gen kèk pwoklamatè ki mete piblikasyon yo nan yon katab e ki pote Bib yo nan men yo oswa nan pòch yo.
8. Ki jan yo ta dwe òganize gwoup yo pou yo preche nan apatman yo ?
8 Li pi bon pou nou pa fè gwoup, sitou nan sal d atant bilding yo oswa nan pakin yo, paske sa ap atire atansyon sou nou san nesesite. Nou ta dwe pran prekosyon ki apwopriye lè n ap preche nan apatman ki nan zòn kote ki gen anpil krim (Pwo. 22:3). Pa egzanp, kat oswa sis pwoklamatè kapab travay ansanm nan yon menm etaj de pa de, yo pa prale twò lwen yon fason pou youn ka tande lòt. Petèt, pandan yon pwoklamatè ak patnè l ap frape nan yon pòt lè se tou pa yo, lòt yo ka tann yo.
9. Ki jan nou ka montre nou gen konsiderasyon, e poukisa sa enpòtan ?
9 Lè n ap antre nan yon bilding, siye pye nou epi byen fèmen pòt la lè n fin antre. Lè nou montre nou gen konsiderasyon konsa, nou evite bay moun ki rete nan apatman yo rezon pou yo plenyen. Yonfwa nou fin antre, ale nan asansè a dirèkteman oswa nan etaj nou gen pou n preche a olye nou rete ap flannen nan antre a. Sa ap chase dout nan lespri moun k ap gade yo.
10. Ki sa nou ka fè pou nou evite fè bri nan koulwa yo san nesesite ?
10 Nan anpil bilding ki gen plizyè apatman, bri gaye nan koulwa yo fasil. Pou rezon sa a, pale yon fason pou moun nan kapab tande, san w pa pale twò fò. Lè w ap pale ak lòt pwoklamatè yo, pale ba, yon fason ki kalm, avèk yon ton vwa ki modere yon fason pou nou pa fè moun yo sispèk nou. Gen kèk pwoklamatè, pou yo pa deranje moun nan apatman yo twòp, olye pou yo frape nan pòt yo youn apre lòt, yo fè premye pòt ki nan koulwa a apre sa y al nan dènye pòt la, epi yo rekòmanse nan dezyèm nan menm jan an, jiskaske yo fin fè tout etaj la. Epitou, nou ka fè moun ki nan apatman yo pè si nou frape pòt yo fò oswa si nou frape yon fason otoritè.
11. Ki sijesyon yo bay ki kapab ede nou lè nou frape nan yon pòt ki gen yon twou pou moun gade ?
11 Si pòt la gen yon twou pou moun gade, kanpe yon fason pou moun k ap gade a kapab wè ni ou menm ni patnè w. Gade twou a dirèk, e lè w remake gen yon moun k ap gade, salye moun nan yon fason ki amikal epi kòmanse prezantasyon w lan. Si moun nan mande : ‘ Ki moun sa a ? ’, li ka pi bon pou w bay non w ak non moun ki avè w la. Moun ki nan apatman an ka santi l pi alèz pou l ouvri pòt la. Si l pa ouvè, ou kapab fè prezantasyon an kanmenm.
12. Lè n ap kite piblikasyon nan kay nou pa jwenn moun yo, ki sa nou ka fè pou nou evite pwoblèm ?
12 Apatman kote nou pa jwenn moun : Souvan, moun ki responsab bilding yo konn plenyen paske yo oblije ranmase piblikasyon nan koulwa yo oswa atè pa deyò bilding nan. Piblikasyon nou mete nan pòt yo ka tonbe atè byen fasil e konsa yo vin tounen fatra. Se poutèt sa, lè n ap kite piblikasyon nan kay nou pa jwenn moun yo, nou ta dwe mete yo yon fason pou moun k ap pase pa wè yo ditou.
13. Ki sa nou dwe fè si moun nou rankontre a fache ?
13 Lè moun nou rankontre a fache : Si nou rankontre ak yon moun ki fache e ki prèt pou l rele moun ki responsab bilding nan pou nou, li pi bon pou nou kite etaj sa a e pou nou tounen yon lòt lè. Gen lòt ka, li t ap pi saj pou nou kite bilding nan nèt yon fason pou nou evite antre an konfli avèk responsab bilding nan. Menmsi moun ki te fache a pa t mande pou nou pa tounen lakay li, li t ap pi bon pou nou pran nimewo apatman sa a e pou nou note l kòm yon apatman pou nou pa tounen vizite. N ap mete nòt sa a nan kat tèritwa a. Menm jan yo fè pou lòt kay pou yo pa tounen vizite yo, n ap kontakte moun sa yo detanzantan pou nou ka konnen sa yo vle.
14, 15. Ki sa nou ta dwe fè si yon responsab bilding nan ta mande nou pou nou ale ?
14 Si yo mande nou pou n ale : Pandan w ap preche nan yon bilding, si yon moun ki responsab bilding nan, yon sekirite, yon moun k ap travay nan bilding nan oswa nenpòt lòt responsab ta mande w pou w ale, li t ap saj pou w fè sa tousuit. Chak fwa sa posib, nou dwe evite konfwontasyon k ap fè moun yo menase nou pou yo rele nou nan tribinal oswa pou yo rele lapolis pou nou. Jeneralman, moun k ap travay nan apatman yo pa gen anyen kont Temwen Jewova yo, se senpleman travay yo y ap fè.
15 Pafwa, lè yon moun ki responsab bilding nan mande nou pou nou ale, nou ka gen posiblite esplike l jantiman e avèk tak rezon ki fè n ap vizite moun yo (1 Pyè 3:15). Nou rekonèt li gen responsablite pou l fè moun ki rete nan apatman yo kontan e pou l veye pou bilding nan toujou gen sekirite. Petèt l ap kite w rete nan bilding nan. Men si l pa aksepte, ale san w pa fè diskisyon avè l. Si sikonstans yo pèmèt sa, ou ka mande otorizasyon pou w kite piblikasyon regilyèman nan sal d atant lan oswa nan sal kote yo fè lesiv la (Kol. 4:6). Nou dwe toujou mete siveyan sèvis la okouran lè gen jan de pwoblèm sa yo.
16. Ki sa nou dwe fè si pwoblèm yo pèsiste lè nou eseye preche nan yon bilding ki gen plizyè apatman oubyen nan yon konplèks ?
16 Petèt, apre yon tan ki rezonab, pwoklamatè yo ka eseye preche nan bilding sa a ankò, y ap fè sa yon fason pou moun pa remake yo twòp. Men, si pwoblèm yo pèsiste, ansyen yo ta dwe kontakte filyal la pou l ede yo olye pou pwoklamatè yo eseye regle pwoblèm nan poukont yo. Si pwoklamatè yo pa kapab preche nan apatman yo, yo ka fè efò pou yo kontakte moun yo lòt fason, tankou nan telefòn oswa nan lèt. Gen kèk pwoklamatè ki preche nan lari devan bilding yo oswa ozanviwon yo nan maten oswa nan fen aprèmidi, jeneralman nan lè moun yo pral travay oubyen y ap tounen lakay yo.
17. Sa k fè li enpòtan pou nou preche nan apatman yo ?
17 Talè sistèm mechan sa a pral fini. Se sèl moun ki envoke non Jewova k ap sove. “ Ki jan y ap fè envoke sila a yo pa gen lafwa nan li a ? E ki jan y ap fè gen lafwa nan sila a yo pa janm tande pale de li a ? ” (Wom. 10:13, 14). Gen anpil moun k ap viv nan apatman ki gen “ dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ”. (Tra. 13:48.) Lè nou pridan e lè nou demontre nou gen bonsans, nou ka rive bay moun sa yo temwayaj konsènan bon nouvèl la.