BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/09 p. 3
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • “Fason nou “defann epi fè rekonèt” bon nouvèl la devan lajistis
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • “ Bay yon temwayaj konplè ” — Lè nou preche nan apatman yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Tanpri, vizite yo prese prese
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Poukisa nou dwe ale tousuit?
    Ministè Wayòm nan — 2015
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 10/09 p. 3

Repons kesyon w yo

◼ Ki sa nou dwe fè si yo ta mande nou pou nou sispann preche yon kote?

Gen kèk ka kote lapolis konn vin kote pwoklamatè yo pandan y ap patisipe nan yon aktivite kèlkonk nan ministè a, pou fè yo konnen yo vyole lalwa, e yo mande pwoklamatè yo pou yo sispann. Si yo pase nou lòd pou nou kite tèritwa a, nou dwe fè sa vit e nou dwe fè sa avèk jantiyès (Mat. 5:41; Fil. 4:5). Nou pa dwe eseye rezoud pwoblèm nan poukont nou, sa vle di, nou pa dwe chèche fè diskisyon ak polisye a sou dwa nou genyen pou nou preche. Si sa posib, avèk tak, chèche konnen nimewo badj polisye a epi chèche konnen ki kote li kantone. Apre sa, enfòme ansyen yo tousuit, e yo menm y ap rantre an kontak ak biwo filyal la pou yo ba l enfòmasyon sou pwoblèm ki pase a. Se menm bagay la tou, si yon moun ki responsab yon bilding, responsab yon apatman, oubyen nenpòt lòt responsab mande nou pou nou kite yon lokal, nou dwe deplase imedyatman epi n ap fè ansyen yo konn sa. Lè nou gen dousè ak imilite nan fason nou boule ak moun ki gen otorite yo, sa ka anpeche nou tonbe nan pwoblèm san nesesite. — Pwo. 15:1; Wom. 12:18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje