Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Temwayaj nan entèfòn
Rezon ki fè sa enpòtan: Nou ka pè bay temwayaj nan entèfòn. Ki sa nou ka fè pou nou pa kite pwoblèm sa a ralanti zèl nou genyen pou nou fè bèl aksyon? Nou dwe sonje lè nou bay temwayaj nan entèfòn se ka sèl mwayen nou genyen pou nou rive touche kèk moun ak bon nouvèl la (Wom. 10:14). Eksperyans yo montre gen moun ki rive bay yon bon temwayaj grasa entèfòn. (Gade Annuaire 2011, p. 65 § 2–p. 66 § 1 ak Annuaire 2000 p. 54, § 3.) Ann egzamine kèk konsèy yo bay pi ba a.
Eseye sa a pandan mwa a:
Pandan adorasyon an fanmi an, fè repetisyon kote de moun k ap fè demonstrasyon an dozado.