Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye janvye
“ Èske w panse Bondye enterese nan kesyon anviwònman an k ap depafini an ? [Kite moun nan reponn. Apre sa li Revelasyon 11:18.] Atik sa a ban nou plizyè rezon ki baze sou Bib la, rezon ki fè nou dwe optimis lè n ap reflechi sou avni tè a. ” Atire atansyon moun nan sou atik ki kòmanse nan paj 18 la.
Réveillez-vous! Janvye
“ Gen anpil moun ki panse lè yo gen pwoblèm, se Bondye k ap pini yo. Èske w konn panse konsa tou ? [Kite moun nan reponn. Apre sa li Jak 1:13.] Atik sa a esplike ki kote pwoblèm nou yo soti toutbonvre e li ban nou rezon ki fè nou ka gen konfyans pwoblèm nou yo pral fini talè konsa. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 28 la.
La Tour de Garde 1ye fevriye
“ Èske w panse Bondye dakò ak tout relijyon ? [Kite moun nan reponn.] Gade ki pawòl Jezi di nan vèsè sa a, yon pawòl ki montre kesyon sa a te enterese l. [Li Matye 15:8, 9.] Atik sa a montre si wi ou non Bondye dakò ak tout kalite adorasyon moun ap ba li. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 9 la.
Réveillez-vous Fevriye
Tout bagay ki sou tè a montre tè a te fèt yon fason pou gen lavi sou li. Èske w panse se jis yon aza ki fè sa oubyen èske w kwè lefètke se konsa tè a fèt se yon prèv ki montre gen yon Kreyatè ki te fè l ? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun ki dakò ak sa ki di nan vèsè sa a. [Li Sòm 104:24.] Peryodik sa a egzamine prèv syantifik ak prèv biblik ki montre gen yon Kreyatè ki egziste. ”