BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/10 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 2/10 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye fevriye

“Pifò nan nou gen pwòp relijyon nou. Èske w panse fason nou chwazi sèvi Bondye gen enpòtans nan je l? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Matye 15:9.] Atik sa a egzamine kat aspè nan vrè adorasyon an Jezi te idantifye.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 16 la.

Réveillez-vous! Fevriye

“Gen moun ki kwè nan yon Kreyatè, tandiske gen lòt moun ki panse yon kwayans konsa pa syantifik ni li pa rezonab. E ou menm sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Selon Bib la, gen bonjan prèv ki sèvi fondman pou vrè lafwa a. [Li Ebre 11:1.] Atik sa a pale sou kèk nan prèv ki montre gen yon Kreyatè.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 22 a.

La Tour de Garde 1ye mas

“Èske w konsidere Bib la kòm Pawòl Bondye oubyen èske w panse se jis yon bon liv? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa Bib la di. [Li 2 Timote 3:16, 17.] Peryodik sa a esplike sa nou ka fè pou nou pran bonjan desizyon sou sijè sa a e li esplike poukisa li enpòtan pou nou fè sa.”

Réveillez-vous! Mas

“Menm jan ak anpil moun, petèt ou admire bèl bagay ki gen nan lanati. Èske w pa dakò tout bèl bagay sa yo ki nan lanati se yon prèv tou ki montre gen yon Kreyatè saj ki te fè yo? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Sòm 104:24.] Peryodik sa a site kèk bagay enteresan ki egziste nan lanati e li pale sou sa bagay sa yo aprann nou.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje