Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye jiyè
“Èske w panse li posib pou yon moun rive gen lapè nan lespri l nan moman boulvès sa yo? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Filipyen 4:6, 7.] Atik sa a esplike sa nou ka fè pou nou jwenn lapè Bondye bay la.” Atire atansyon moun nan sou atik ki kòmanse nan paj 10 la.
Réveillez-vous! Jiyè
“Pifò nan nou rekonesan anvè paran nou pou sa yo te anseye nou. Èske w panse se yon mank respè anvè paran nou si nou kesyone ansèyman relijye yo te aprann nou lè nou te timoun? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li 1 Jan 4:1.] Atik sa a montre si li bon oswa si li pa bon pou nou chanje relijyon.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 28 la.
La Tour de Garde 1ye out
“Gen kèk moun ki di tout relijyon ki egziste se diferan wout ki mennen kot Bondye. Èske w panse tout relijyon bon? [Kite moun nan reponn.] Remake sa Bib la di nan Matye 7:13, 14. [Li vèsè yo.] Peryodik sa a souliye twa bagay byen presi Bib la di bon relijyon an ta dwe anseye.”
Réveillez-vous! Out
“Nou tout viktim anba diskriminasyon. Ki jan w panse Bondye konsidere prejije? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Travay 10:34, 35.] Bib la ka ede nou lè nou viktim anba diskriminasyon. Bib la ka ede nou tou pou nou derasinen tout fòm prejije nou ta ka gen lakay nou. Se sa peryodik sa a esplike.”