Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye septanm
“Anpil moun panse istwa yo rakonte nan liv Jenèz la sou Adan ak Èv se yon fab. Gen lòt moun ki kwè Adan ak Èv te egziste toutbonvre. E ou menm, ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Remake fason Jezi te pale de yo. [Li Mak 10:6-9.] Atik sa a egzamine prèv ki montre Adan ak Èv te egziste vre e li esplike poukisa sa nou kwè yo gen enpòtans.” Atire atansyon moun nan sou atik ki kòmanse nan paj 12 la.
Réveillez-vous! Septanm
Li 1 Jan 4:8. Ansuit, ou kapab di: “Gen moun ki kwè lè mechan yo mouri Bondye ap toumante yo nan dife lanfè pou toutan. Gen lòt moun ki panse yon ide konsa kontrè ak vèsè nou sot li a. E ou menm, ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Atik sa a montre ki sa Labib anseye sou sijè sa a.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.
La Tour de Garde 1ye oktòb
“Nou tout ap fè fas ak pwoblèm nan lavi a. [Site kèk pwoblèm ki kouran moun yo rankontre nan tèritwa a.] Èske w panse Bondye ka ede nou fè fas ak pwoblèm sa yo? [Kite moun nan reponn.] Nan vèsè nou pral li la a, Jezi di nou youn nan fason Bondye ede nou. [Li Lik 11:13.] Peryodik sa a esplike ki sa lespri sen ye e ki jan li ka ede nou.”
Réveillez-vous! Oktòb
“Chak fanmi dwe atann y ap jwenn pwoblèm. Ki kote w panse fanmi yo ka jwenn konsèy ki fyab e ki pratik? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Sòm 32:8.] Nimewo Réveillez-vous ! espesyal sa a atire atansyon sou plizyè prensip biblik k ap ede fanmi yo lè yo aplike yo.”