Byen sèvi ak Bib la
1. Poukisa Bib la itil anpil konsa ?
1 Lè nou byen sèvi ak pawòl Bondye enspire a, pawòl nou jwenn nan Bib la, sa pèmèt nou preche laverite yon fason ki klè, sa pèmèt nou anseye l byen e sa ede nou devwale fo ansèyman ak tradisyon lèzòm yo. — 2 Tim. 2:15 ; 1 Pyè 3:15.
2. Ki sa k ap ede nou jwenn vèsè yo pi fasil ?
2 Chèche konn Bib la pi byen: Menm jan ak nenpòt zouti, plis nou chèche konn Bib la se plis n ap sèvi avè l pi byen. Lè nou li Bib la depi nan kòmansman rive nan fen, sa ban nou yon apèsi jeneral sou tèm Bib la. Anplis de sa, sa ede nou sonje vèsè yo e sa fè nou jwenn yo pi fasil. Ofiramezi konesans nou sou Bib la ap ogmante, sa ap fè nou pale ak plis zèl ak plis konviksyon lè n ap bay temwayaj enfòmèl oubyen lè n ap preche nan tèritwa a. — 1 Tes. 1:5.
3, 4. a) Site kèk bagay nou ka fè pou nou rive konn Bib la pi byen. b) Èske gen lòt metòd ou itilize pou w rive konn Bib la pi byen ?
3 Pran abitid ouvri Bib nou epi chèche vèsè yo lè n ap asiste reyinyon kongregasyon an. Lè n ap fè etid pèsonèl oubyen lè n ap prepare reyinyon yo, chèche vèsè yo bay kòm referans yo epi medite sou fason pou nou aplike yo. Anpil moun remake lè yo pran abitid li tèks yo dirèkteman nan Bib la olye yo li yo sou ekran òdinatè yo oubyen sou yon fèy enprime, li vin pi fasil pou yo jwenn vèsè yo nan Bib la lè yo bezwen itilize yo nan ministè a. — Jan 14:26.
4 Gen kèk fanmi ki prevwa yon tan pou yo aprann vèsè nan Bib la pa kè. Pou nou fè sa, nou ka sèvi ak ti kat ki gen pawòl ki nan vèsè a ekri sou yon bò epi vèsè a ekri sou lòt bò a. Fanmi an ka sèvi ak ti kat sa yo pou yo wè si yo ka site pawòl ki nan vèsè a oubyen si yo ka sonje ki kote nan Bib la pawòl sa yo soti, e moun yo ka fè sa youn apre lòt. Si nou sèvi ak Bib la pou nou fè repetisyon sou prezantasyon nou pral fè nan predikasyon e si nou itilize l pou nou prepare fason n ap reponn yon objeksyon oubyen fason n ap reponn yon kesyon, sa ap amelyore fason n ap sèvi ak Bib la tou.
5. Poukisa nou vle amelyore fason nou sèvi ak Bib la ?
5 Pa gen okenn liv ki gen menm enpòtans ak Bib la. Se sèl mesaj ki nan Bib la ki ka fè yon moun vin “saj pou delivrans lan ”. (2 Tim. 3:15.) Etandone pifò moun nan tèritwa a pa konnen trezò nou jwenn nan Bib la, yon trezò ki gen anpil valè, nou gen bonjan rezon pou nou amelyore fason n ap sèvi ak Bib la pou nou montre yo sa Bib la gen pou ofri yo. — Pwo. 2:1-5.