BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 jen p. 32
  • Fason pou w sonje vèsè yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou w sonje vèsè yo
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sou menm sijè a
  • Byen sèvi ak Bib la
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Kèk fason pou nou sèvi ak JW Library
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Byen aplike vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Byen entwodui vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 jen p. 32

SA W BEZWEN FÈ LÈ W AP ETIDYE

Fason pou w sonje vèsè yo

Èske w konn twouve l difisil pou w sonje yon vèsè nan Bib la ou renmen anpil? Se kapab yon vèsè ki konsole w, ki ede w konbat move panse, oswa yon vèsè ou ta renmen pataje ak yon moun (Sòm 119:​11, 111). Men kèk konsèy ki ka ede w sonje vèsè yo.

  • Sèvi ak etikèt ki nan aplikasyon JW Library® a. Pandan w ap li Bib la nan JW Library, si gen yon vèsè ou ta renmen sonje, ou ka ale nan seksyon Etid pèsonèl pou w kreye yon etikèt (tag), epi rele l “Vèsè mwen pi renmen” pou w ka jwenn li byen fasil annapre.

  • Met vèsè a yon kote w ka wè l. Ekri vèsè w ta renmen sonje a sou yon moso papye epi mete l yon kote w ap kapab wè l souvan. Gen moun ki kole l sou yon glas e gen lòt moun ki kole l sou pòt frijidè. Gen lòt menm ki fè foto vèsè a e ki fè l parèt sou ekran òdinatè yo oswa sou telefòn yo.

  • Sèvi ak ti moso katon oswa ti moso papye. Ekri vèsè a sou yon bò, epi ekri pawòl ki nan vèsè a sou lòt bò a. Apre sa, gade bò kote vèsè a ekri a epi eseye sonje pawòl ki nan vèsè a oswa gade bò kote pawòl ki nan vèsè a ekri a epi eseye sonje ki vèsè ki di sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje