Poukisa nou dwe ale tousuit?
Lè nou vini nan reyinyon predikasyon, li nòmal pou n anvi pale paske nou ansanm ak frè ak sè nou yo. Sepandan, lè reyinyon an fini, nou dwe fè efò pou n al nan tèritwa a tousuit. Travay predikasyon an se yon travay ki ijan (2 Tim. 4:2). Plis nou rete nan randevou a, se mwens n ap jwenn tan pou nou patisipe nan ministè a. N ap gen anpil okazyon pou n pase moman ki ankourajan ak pwoklamatè parèy nou yo pandan n ap preche ak yo. Lè nou deplase san pèdi tan pou n al preche sa montre nou se moun k ap travay di tankou esklav pou Jewova ak pou Pitit li a. — Wom. 12:11.