BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/10 p. 2
  • ‘Manje ki sèvi nan bon moman’

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • ‘Manje ki sèvi nan bon moman’
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Pwogram asanble espesyal pou ane 2010 la
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Pawòl Bondye a pisan
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Yon nouvo dispozisyon sou fason pou yo fè revizyon pou asanble yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2006
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 8/10 p. 2

‘Manje ki sèvi nan bon moman’

1. Kòman pwogram jounen asanble espesyal pou ane sa a te ede ou menm ansanm ak lòt moun?

1 Apre nou fin asiste pwogram yo te prezante nan jounen asanble espesyal, souvan nou konn di: “Se sa menm mwen te bezwen!” Yon siveyan sikonskripsyon te rapòte gen kèk moun, apre yo te fin koute pwogram jounen asanble espesyal la pou ane sa a, te fè konnen yo vle etann patisipasyon yo nan ministè a. Men sa yon siveyan itineran te di: “Pwogram nan te ede n byen reflechi pou nou wè ki kote nou ye nan epòk n ap viv la, toutpandan n ap egzamine chwa n te fè yo nan lavi n.” Men sa yon lòt siveyan itineran te di: “Gen plizyè pwoklamatè ki fè konnen pwogram asanble a te yon bonjan rapèl pou asire yo y ap prete atansyon ak bagay ki pi enpòtan an, sètadi ministè a.” E ou menm, kòman pwogram jounen asanble espesyal la te ede w?

2. Ki sa nou pral egzamine nan pwogram jounen asanble espesyal pou ane sèvis k ap vini an?

2 Pwogram jounen asanble espesyal pou ane sèvis k ap vini an pral menm jan an, n ap jwenn sa nou bezwen an. Men tèm nan: “Pran refij nan Jewova,” li soti nan Sòm 118:8, 9. Men kèk nan sijè yo pral egzamine nan asanble a: “Fason Jewova se yon fòtrès pou nou nan moman detrès”, “Ede lòt moun pou yo pran refij anba zèl Jewova”, “Nou dwe imite Jewova lè n ap ede moun yo jwenn refij”, “Nou menm jèn, se pou nou fè Jewova konfyans!” epi “Paradi espirityèl la se yon dispozisyon Jewova pran pou nou ka jwenn yon refij.”

3. Kòman nou ka tire bonjan pwofi nan pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an?

3 Fason pou nou tire pwofi nan pwogram nan: Yon fwa yo fin anonse dat jounen asanble espesyal k ap vini an, fè aranjman pou w ka la, epi envite moun w ap etidye Labib ak yo pou yo asiste asanble a ansanm avè w. Pou nou ka “bay fwi avèk andirans”, nou bezwen sonje sa n tande a (Lik 8:15). Kidonk, nou dwe koute pwogram nan avèk atansyon, e nou dwe pran nòt ki kout sou pwen prensipal yo ak sou enstriksyon nou wè nou bezwen aplike nan lavi nou ak nan ministè nou. Apre asanble a, nou dwe pran yon ti tan pou n pale ansanm ak fanmi nou sou pwogram nan, epi gade nan ki domèn nou menm ak fanmi nou ka aplike enstriksyon nou te resevwa yo.

4. Poukisa nou dwe chofe pou nou asiste pwogram jounen asanble espesyal pou ane k ap vini an?

4 Pou yon manje gou e pou l nourisan, fò te gen yon moun ki te prepare l avèk amou e fò moun nan te byen reflechi alavans sou engredyan l ap bezwen. Se menm jan an yo fè tou pou prepare pwogram jounen asanble espesyal pou ane k ap vini an. Nou swete pou Jewova beni efò w ap fè pou w vin asiste pwogram jounen asanble espesyal la e pou w tire pwofi nan ‘manje ki sèvi nan bon moman’ sa a yo te prepare pou nouri minis kretyen yo espirityèlman. —Mat. 24:45.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje