Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye out
“Ki sa w panse yon moun bezwen fè pou l gen kè kontan? [Kite moun nan reponn, apre sa, li Matye 5:3.] Sa a sèlman se youn nan pawòl Jezi te di pou yon moun gen kè kontan. Atik sa a egzamine sa Jezi anseye sou fason pou nou jwenn vrè kè kontan an.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 16 la.
Réveillez-vous! Out
“Jodi a, anpil fim montre imaj demon, sèn kote moun ap pratike maji ak sòsèlri. Èske w panse demon yo egziste toutbonvre? [Kite moun nan reponn, epi li 1 Korentyen 10:20.] Atik sa a esplike sa Bib la di sou demon yo ak sou fason pou nou pwoteje tèt nou kont yo.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 20 an.
La Tour de Garde 1ye septanm
Mansyone yon nouvèl ki okipe lespri moun yo nan tèritwa a. Apre sa, di moun nan: “Èske w janm mande tèt ou poukisa moun yo ap fè move bagay sa yo? [Kite moun nan reponn.] Bib la ban nou rezon pou nou gen espwa. [Li 2 Pyè 3:13.] Peryodik sa a esplike sa Bib la di konsènan sa ki lakòz mechanste e li esplike fason Bondye pral met fen nan mechanste talè konsa.”
Réveillez-vous! Septanm
“Èske w panse telefòn selilè, imel, tchat sou Entènèt ak lòt mwayen ki pèmèt moun kominike youn ak lòt redui efè solitid genyen sou moun ki santi yo poukont yo oubyen èske w panse yo ogmante efè sa a? [Kite moun nan reponn.] Men yon sijesyon k ap ede nou konbat efè solitid genyen. [Li Travay 20:35.] Peryodik sa a bay lòt konsèy pratik ki soti nan Bib la.”