“Se pou nou gen kè sansib”
1. Ki sa moun yo vrèman bezwen jodi a?
1 Nan tout istwa limanite moun pa t janm bezwen pou yo ede yo avèk konpasyon jan yo bezwen sa jodi a. Sitiyasyon monn nan ap deteryore, sa fè anpil moun pa gen kè kontan nan lavi yo, yo deprime, e yo sanzespwa. Se plizyè milyon moun ki bezwen èd, e antanke kretyen, nou gen posiblite pou nou demontre nou gen sousi toutbon pou pwochen nou (Mat. 22:39; Gal. 6:10). Ki jan nou ka montre nou gen sousi pou moun yo toutbonvre?
2. Ki pi bon fason nou ka montre nou gen konpasyon?
2 Yon travay ki mande konpasyon: Tout vrè konsolasyon soti nan Bondye, e se yon konsolasyon ki dirab (2 Kor. 1:3, 4). Jewova ankouraje nou pou nou gen “kè sansib” menm jan avè l e li ban nou misyon pou nou pote bon nouvèl Wayòm nan bay pwochen nou (1 Pyè 3:8). Lè nou patisipe nan travay sa a avèk zèl se pi bon fason pou nou konsole ‘moun ki gen kè yo k ap fann’, paske Wayòm nan se sèl espwa ki gen pou limanite k ap soufri (Iza. 61:1). Talè konsa, konpasyon Jewova gen pou sèvitè l yo pral pouse l elimine mechanste epi etabli yon monn nouvo kote jistis ap abite. — 2 Pyè 3:13.
3. Ki jan nou ka imite Jezi nan fason li te wè moun yo?
3 Annou wè moun yo jan Jezi te wè yo: Menm lè Jezi t ap preche gwo foul moun, li pa t annik wè yon gwoup moun devan l. Li te wè se chak moun ki te bezwen èd nan domèn espirityèl. Yo te tankou mouton ki san bèje ki pou pran swen yo. Lè Jezi te wè yo, sa te fè l mal, e sa te pouse l anseye yo avèk pasyans (Mak 6:34). Si nou wè moun yo jan Jezi te wè yo, sa ap pouse nou demontre nou gen konpasyon pou yo toutbonvre. Sa ap parèt klè nan vwa nou e sa ap parèt klè sou figi nou. Lè sa a, predikasyon an ap gen anpil enpòtans pou nou e n ap adapte pawòl nou pou nou ede chak moun selon sa k ap enkyete l. — 1 Kor. 9:19-23.
4. Poukisa nou dwe abiye nou avèk konpasyon?
4 Gen yon gwo foul moun ki soti nan tout nasyon ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan e ki byen reyaji devan enterè nou montre nou gen pou yo. Lè nou kontinye abiye nou avèk konpasyon, nou montre nou onore Jewova, Bondye nou an ki gen konpasyon, e nou fè l plezi. — Kol. 3:12.