BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/12 p. 4-7
  • Nou ka bezwen chèche anvan nou preche

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou ka bezwen chèche anvan nou preche
  • Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Jewova fè yo santi li la avèk yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Se pou w toujou enterese ap chèche moun ki soud nan tèritwa w la
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Annou montre nou renmen frè n ak sè n ki soud yo!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Fason Bondye pran swen moun ki soud yo
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2012
km 7/12 p. 4-7

Nou ka bezwen chèche anvan nou preche

1. Poukisa nan zòn kote moun yo pa pale menm lang, yo asiye kongregasyon yo tèritwa selon lang moun nan kongregasyon an pale?

1 Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, apre disip Jezi yo te fin resevwa lespri sen, yo te “kòmanse pale divès lang” ak moun ki te soti byen lwen divès kote sou tè a (Tra. 2:4). Kòm rezilta, anviwon 3,000 moun te batize. Yon pwen enteresan, sanble pifò vizitè sa yo te gen yon lang yo tout te konn pale, e youn te konprann lòt nan lang sa a, petèt se te ebre oubyen grèk. Men, Jewova te chwazi pou l fè disip yo preche mesaj Wayòm nan nan lang natif natal moun yo. Se sèten, youn nan rezon ki fè sa se paske souvan moun yo aksepte bon nouvèl la pi fasil lè yo tande l nan lang natif natal yo. Se sa k fè, jodi a, nan zòn kote moun yo pa pale menm lang, yo asiye kongregasyon yo tèritwa selon lang moun nan kongregasyon an pale. (Gade liv Organisés, p. 107, § 1-2). Lè yon kongregasyon ap soutni yon gwoup kote moun yo pale yon lòt lang, yo pa asiye gwoup sa a yon tèritwa, men li preche tout moun ki pale lang gwoup la ki nan tèritwa kongregasyon k ap soutni l lan e li ka preche nan tèritwa lòt kongregasyon ki tou pre l yo.

2. a) Ki sa travay chèche a ye e nan ki zòn li ka nesesè pou nou fè l? b) Ki jan kongregasyon yo ka ede youn lòt travay tèritwa kote moun yo pa pale menm lang? c) Ki sa nou dwe fè si nou rankontre yon moun ki montre li enterese men li pale yon lòt lang?

2 Si n ap viv yon kote tout moun pale menm lang, lè n ap preche nou ka annik soti nan yon kay n al nan yon lòt kay. Sepandan, sitiyasyon nou ka diferan si n ap viv nan yon vil kote moun yo pa pale menm lang. Sa ka rive gen kongregasyon lang etranje ki preche nan menm zòn. Se vre, kèk kongregasyon ka ban nou enfòmasyon sou moun ki pale lang moun nan kongregasyon nou an pale a, men se kongregasyon pa nou an oubyen gwoup nou an ki gen responsablite pou l chèche moun pou l preche. (Gade kare ki gen tit: “Se pou youn ede lòt.”) Kidonk, nou ka bezwen patisipe nan travay chèche a, kote nou mande lòt moun enfòmasyon pou nou ka konnen ki kote nou ka jwenn moun ki pale yon lang byen presi. Ki jan nou ka fè travay sa a?

3. Ki sa k ap ede yon kongregasyon oubyen yon gwoup detèmine kote pou yo chèche e ki kantite tan pou pwoklamatè yo pase nan travay sa a?

3 Òganize travay chèche a: Kantite tan k ap nesesè pou nou patisipe nan travay chèche a nan zòn kote moun yo pa pale menm lang ap depann de sitiyasyon zòn nan. Pa egzanp, konbyen moun nan zòn nan ki pale lang sa a? Konbyen pwoklamatè ki genyen? Ki kantite adrès kongregasyon an deja genyen? Kongregasyon an pa oblije pase menm kantite tan nan chak katye, men yo ka chwazi konsantre sou zòn nan tèritwa a ki gen plis moun ki pale lang sa a ak zòn ki nan yon distans ki rezonab. Sepandan, li enpòtan pou nou gen yon pwogram ki byen òganize pou nou ka chèche moun yo, konsa plis moun ap jwenn posiblite pou yo envoke non Jewova. — Wom. 10:13, 14.

4. a) Ki jan pou yo òganize travay chèche a? b) Site kèk bagay nou ka fè pou nou jwenn moun ki pale lang pa nou.

4 Pou anpeche kongregasyon an fè travay ki te deja fèt nan zòn kote li nesesè pou yo chèche moun yo, gwoup ansyen an, sitou siveyan sèvis la, dwe òganize travay chèche a e li dwe sipèvize l (1 Kor. 9:26). Nan gwoup kote moun yo pale yon lang etranje, l ap pi bon si se yon frè kalifye, yon ansyen oubyen yon asistan ministeryèl gwoup ansyen ki nan kongregasyon k ap soutni gwoup sa a chwazi pou dirije travay la. Gen anpil kongregasyon ak anpil gwoup ki gen yon bon fason pou yo chèche moun yo lè yo fèk kòmanse fè travay sa a. Petèt yo itilize yon ànyè telefòn oubyen y al sou Entènèt pou yo jwenn non moun ki kouran nan lang sa a. Apre sa, pou yo fè travay chèche a yo ka itilize telefòn pou yo rele nan kay sa yo oubyen yo ka al ladan yo pou yo konnen si yo gen moun ki pale lang sa a, konsa yo ka mete adrès sa yo sou lis tèritwa a. Si l pratik pou kongregasyon pa nou, pafwa, gwoup ansyen ki nan kongregasyon k ap soutni yon gwoup ka pran dispozisyon pou tout kongregasyon an patisipe nan travay chèche a. — Gade kare ki gen tit: “Fason pou nou jwenn moun ki pale lang pa nou.”

5. a) Bay kèk sijesyon pwoklamatè yo ka suiv lè y ap patisipe nan travay chèche a. b) Ki sa nou ka di moun yo lè n ap patisipe nan travay sa a?

5 Nou dwe gen yon objektif byen klè chak fwa n ap patisipe nan travay chèche moun yo. Etandone aktivite sa a fè pati travay predikasyon an, an jeneral nou dwe abiye jan yon pwoklamatè abiye pou predikasyon. Gen anpil moun ki twouve li pwofitab pou yo repete prezantasyon yo pral fè a nan lang moun yo pale nan kongregasyon an pandan y ap chèche jwenn moun yo, konsa sa ede yo toujou antouzyas e yo pi byen metrize lang lan. Nou ka konte lè nou pase ap chèche moun yo, men nou pa ka konte lè nou pase ap prepare kat tèritwa ak lis tèritwa. Lè nou jwenn yon moun ki pale lang sa a, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou pataje bon nouvèl la avè l. Apre sa, nou dwe fè siveyan sèvis la oubyen moun siveyan sèvis la mete responsab la konn sa san pèdi tan, dekwa pou l ka kenbe enfòmasyon sou tèritwa yo ajou. Nou dwe fè sa kit moun nan enterese kit li pa enterese. Se vre, travay chèche a enpòtan, men nou dwe ekilibre e nou dwe patisipe nan tout fasèt nan ministè a. — Gade kare ki gen tit: “Sa nou ka di lè n ap patisipe nan travay chèche a.”

6. Ki defi nou jwenn lè n ap chèche moun soud?

6 Fason pou nou chèche moun soud: Lè n ap chèche moun soud, sa gen pwòp defi pa l, sa mande pou nou fè plis efò e pou nou gen plis pèseverans. Nou pa ka idantifye yon moun soud sou non l, sou aparans li oubyen sou abiman l. Anplis de sa, moun nan fanmi yo oubyen zanmi yo ka vle pwoteje yo, pou rezon sa a yo ka ezite bay yon pwoklamatè enfòmasyon sou yo. Sijesyon yo bay nan kare ki adwat la sou fason pou nou chèche moun soud yo, ka ede nou tou lè n ap chèche moun ki kominike nan lang moun pale.

7. a) Ki sa nou ka mande moun nan zòn rezidansyèl yo lè n ap chèche moun soud? b) Ki sa nou ka fè pou nou mete moun nan alèz si l pa byen konprann travay n ap fè a?

7 Kongregasyon lang siy yo ak gwoup lang siy yo konn jwenn bon rezilta lè yo mande moun ki rete nan zòn rezidansyèl yo si pa gen moun soud nan katye yo a. Petèt moun yo rankontre a ka konn wè yon vwazen, yon kolèg travay oubyen yon kamarad lekòl ki itilize lang siy pou l kominike ak lòt moun. Moun nan ka konn wè yon pano nan lari ki fè vwazinaj la konnen gen timoun ki soud nan zòn nan. Petèt moun nan ka gen yon fanmi l ki soud. Li bon pou nou toujou sonje gen kèk moun ki ka pa byen konprann travay n ap fè a. Sepandan, nou ka fè moun nan vin alèz, si nou vrèman amikal e si nou ba l yon esplikasyon tou kout, men ki fran e ki montre respè. Gen kèk pwoklamatè ki jwenn bon rezilta lè yo montre moun nan Bib la sou DVD oubyen lòt piblikasyon nan lang siy pandan y ap mande l si l konnen yon moun soud. Apre sa, yo ka annik di moun nan yo ta renmen montre moun soud la bèl espwa Bib la bay moun. Si moun nou rankontre a ezite ban nou enfòmasyon, nou ka ba li yon kat ki gen enfòmasyon sou nou si nou genyen, petèt moun nan ka aksepte l oubyen nou ka ba li yon fich envitasyon pou reyinyon yo pou l bay fanmi l oubyen zanmi l ki soud la.

8. Ki jan yon kongregasyon ki pa twò lwen ka ede yon kongregasyon lang siy?

8 Yon jou oubyen de jou nan ane a, yon kongregasyon lang siy ka envite yon kongregasyon ki pa lang siy e ki pa twò lwen pou ede l chèche moun soud nan zòn kote moun yo pa pale menm lang nan gwo tèritwa kongregasyon lang siy lan genyen. Nan yon reyinyon sèvis kongregasyon lang siy lan ap fè, frè yo ka bay enstriksyon sou fason pou yo fè aktivite sa a e yo ka fè yon demonstrasyon. Yo ka bay chak gwoup moun ki nan menm machin oubyen ki ansanm omwen yon pwoklamatè ki nan kongregasyon lang siy lan e yo ka bay chak gwoup yon kat ki montre nan ki zòn byen presi yo dwe chèche.

9. Ki jan nou ka chèche moun soud nan zòn kote yo konn rankontre pou yo pale oubyen pou yo pran detant?

9 Nou ka chèche moun soud nan zòn kote yo konn rankontre youn ak lòt pou yo pale, pou yo pran detant oubyen pou yo jwenn yon sèvis kèlkonk ki disponib pou yo nan zòn nan. Pwoklamatè yo dwe abiye yon fason ki apwopriye pou travay yo pral fè a. Olye nou fè yon prezantasyon devan tout moun soud yo, li ka pi bon pou nou pale ak yon moun oubyen ak de moun e nou dwe fè sa yon fason ki pap atire atansyon sou nou. Si konvèsasyon nou fè ak moun nan bay bon rezilta, nou ka mande l enfòmasyon sou li pou nou ka kontakte l e nou ka ba li enfòmasyon sou nou tou.

10. Ki sa pwoklamatè yo ka fè lè y ap chèche moun soud nan biznis ki nan tèritwa yo?

10 Yon lòt bagay nou ka fè se prepare kat ki montre ki kote biznis ki gen nan zòn nan ye. Apre sa, ale ladan yo nan yon moman ki apwopriye. Yon kat ka gen plizyè estasyon gazolin. Yon lòt ka gen dray, yon lòt ka gen kote moun vin lave rad nan machin, yon lòt ka gen restoran, yon lòt ka gen otèl oubyen lòt kalite biznis. Si chak kat gen menm kalite biznis sou li, pwoklamatè yo ka fè menm prezantasyon an e konsa yo ka vin gen plis eksperyans e yo ka vin pi abil. Pa egzanp, etandone nan kèk peyi byen souvan otèl yo konn gen kliyan ki soud, nou ka bay resepsyonis lan yon esplikasyon tou kout sou travay n ap fè a epi nou ka ofri l yon pakè ki gen yon DVD ak yon fich envitasyon pou reyinyon pou otèl la ka bay kliyan ki soud yo. Nan kèk biznis nou ka annik mande moun yo si pa gen anplwaye ki soud oubyen si yo pa konnen kèk kliyan ki konn itilize lang siy. Si gen yon lekòl pou moun soud nan tèritwa a, nou ka ofri yo kèk piblikasyon sou DVD pou yo mete nan bibliyotèk lekòl la.

11. Poukisa travay chèche a se yon pati enpòtan nan travay predikasyon an?

11 Yon travay ki enpòtan: Lè nou nan yon kongregasyon kote moun yo pale yon lòt lang sa mande anpil tan pou nou chèche moun ki pale lang sa a. Anplis de sa, jan de moun ki abite nan yon katye ka chanje byen rapid piske gen moun ki demenaje e gen lòt moun ki vin abite nan zòn nan. Konsa li ka difisil pou yo kenbe enfòmasyon ki sou kat tèritwa yo ajou. Malgre sa, nan anpil zòn, e kantite zòn yo pa sispann ogmante, travay chèche a se yon aspè enpòtan nan travay predikasyon an. Jewova, Bondye ki ban nou lòd pou nou preche a, pa gen patipri (Tra. 10:34). Volonte l se ‘pou tout kalite moun sove e pou yo gen konesans egzak sou laverite’. (1 Tim. 2:3, 4.) Kidonk, ann kowopere ak Jewova e annou youn ede lòt pou nou ka jwenn moun nan tout lang ki gen “kè ki pwòp e ki bon” yo. — Lik 8:15.

[Kare nan paj 5]

Se pou youn ede lòt

Si yon kongregasyon oubyen yon gwoup ta renmen yo ede l jwenn moun ki pale lang pa l pou l preche, siveyan sèvis la kapab kontakte ansyen ki nan kongregasyon kote moun yo pale lòt lang e ki pa twò lwen l. Li ka pi bon pou l kontakte kongregasyon ki nan yon distans ki rezonab sèlman oubyen kongregasyon ki gen anpil moun nan zòn yo a ki pale lang sa a. Konsa, kongregasyon sa yo ka fè pwoklamatè yo konnen si yo jwenn moun ki pale lang sa a, yo dwe ekri adrès moun nan e yo dwe bay siveyan sèvis la enfòmasyon sa yo pou l ka bay kongregasyon oubyen gwoup ki te mande l èd la. Siveyan sèvis ki nan kongregasyon ki konsène yo ka travay ansanm pou yo chwazi yon metòd k ap bon pou yo tout pou yo ka preche tèritwa sa yo e pou yo dirije moun ki enterese yo nan kongregasyon oubyen nan gwoup ki apwopriye a.

Si pwoklamatè yo rankontre yon moun ki pale yon lòt lang ki montre li enterese toutbon (oubyen yon moun soud), yo dwe ranpli fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) san pèdi tan e yo dwe bay sekretè kongregasyon an li. Konsa, sa ap pèmèt moun nan jwenn èd nan domèn espirityèl byen vit. — Gade km 5/11 p. 3.

[Kare nan paj 6]

Fason pou nou jwenn moun ki pale lang pa nou

• Mande lòt moun tankou moun k ap etidye Labib yo, moun nan fanmi nou, kolèg travay nou, eksetera.

• Itilize yon ànyè telefòn pou nou jwenn non ki kouran nan lang pa nou. Nou ka jwenn yon ànyè telefòn ki gen non moun yo selon adrès yo sou Entènèt oubyen nan yon konpayi telefòn.

• Mande enfòmasyon kote yo bay piblik la sèvis tankou bibliyotèk, biwo leta ak inivèsite. Fè sa yon fason ki pap atire atansyon sou nou.

• Gade anons ki parèt nan jounal sou aktivite moun ki pale lang nan ap òganize pou kominote yo a.

• Vizite ti biznis ak gwo biznis ki bay moun sa yo sèvis.

• Si moun ki responsab nan enstitisyon ki konsène yo ban nou pèmisyon, nou gendwa mete piblikasyon sou yon tab nan yon biznis, nan yon inivèsite, nan yon estasyon tren oubyen nan yon estasyon machin kote moun ki pale lang sa a konn vini.

• Si lalwa nan peyi nou ye a pèmèt sa, nou ka achte yon ànyè telefòn ki gen adrès biznis ladan l oubyen nou ka achte yon pwogram enfòmatik ki pèmèt moun chèche sèvis piblik ki disponib sou Entènèt.

[Kare nan paj 7]

Sa nou ka di lè n ap patisipe nan travay chèche a

Si nou amikal, nou sensè epi nou dirèk nan sa n ap di moun yo, sa ap fè yo pi alèz pou yo koute nou. Byen souvan, li bon pou nou montre moun nan piblikasyon nan lang nan anvan.

Apre nou fin salye moun nan, nou ka di l: “N ap chèche moun ki pale ______ pou nou ka montre yo bèl espwa Bib la bay moun. Èske w konnen yon moun ki pale lang sa a pou nou ka fè yon ti pale ansanm avè l?”

Lè n ap chèche moun soud, nou ka di: “Bonjou. Èske m ka montre w yon bagay? [Itilize yon aparèy pòtab ki ka jwe DVD, pou nou montre moun nan yon vèsè nan Tradiksyon monn nouvo a.] Sa nou sot montre w la se yon pati nan Bib la nan lang siy ameriken. Se pa Bib la sèlman nou gen sou DVD, nou gen anpil lòt videyo yo fè pou ede moun soud yo nan domèn espirityèl, e moun pa peye pou yo. Èske w konnen yon moun soud oubyen yon moun ki tande di ki itilize lang siy pou l kominike?” Si moun nan pa sonje okenn moun soud, li bon pou nou ba l egzanp kèk kote li ka konn wè moun soud tankou nan zòn travay, nan lekòl oubyen nan vwazinaj la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje