Prezante yon sèl sijè, men kite de peryodik yo
Toude peryodik yo gen pakèt sijè enteresan ladan yo. Olye pou nou prezante yon moun plizyè sijè, an jeneral, li pi bon pou nou pale sou yon sèl sijè. Si nou se bon obsèvatè e si nou byen konnen sa k nan peryodik yo, n ap ka chwazi yon sijè swa nan yon Toudegad oubyen nan yon Réveillez-vous k ap enterese moun n ap preche a. Pa egzanp, si nou wè jwèt timoun nan kay la oubyen nan lakou a, nou ka atire atansyon moun nan sou yon sijè ki pale sou lavi fanmi. Si moun n ap preche a se yon gason, nou ka prezante l yon sijè ki enterese gason, tankou yon bon gouvènman. Menmsi se sou yon sèl sijè nou pale, an jeneral, nou dwe kite de peryodik yo pou moun nan si l enterese.