Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa jen
“Prèske tout moun ta renmen wè lapè nan monn nan. Poutan, nan kèk peyi, gen moun ki toujou ap fè lagè. Dapre ou menm, poukisa li difisil konsa pou gen lapè nan monn?” Kite moun nan reponn. Montre moun nan sijè ki nan do Toudegad 1ye jen an, egzamine premye paragraf la avè l epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
Nòt: Nou dwe itilize prezantasyon ki pi wo a pou nou fè yon demonstrasyon nan reyinyon predikasyon 1ye jen.
La Tour de Garde 1ye jen
“N ap vizite tout vwazen yo pou nou fè ti pale avèk yo sou yon pwoblèm anpil moun genyen. Nan yon moman nan lavi pifò moun yo te viktim akoz prejije moun gen kont yo. Èske w panse gen yon kote nan monn nan moun pa gen prejije? [Kite moun nan reponn.] Gade ki jan Bondye konsidere tout moun [Li Travay 10:34.] Peryodik sa a pale sou fason Bondye pral mete fen nan prejije.”
Réveillez-vous! Jen
“Nou ta renmen tande opinyon w sou yon sijè. Li nòmal pou yon moun ta renmen gen yon pi bèl vi. Èske w panse nou ka rive viv alèz si nou gen anpil byen materyèl? [Kite moun nan reponn.] Gade yon kokenn deklarasyon Jezi te fè. [Li Lik 12:15.] Peryodik sa a montre fason nou ka gen yon pwennvi ekilibre sou byen materyèl, e li ban nou kèk konsèy ki ka itil nou sou fason pou nou kontwole depans n ap fè.”