BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/14 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 5/14 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa jen an

“N ap pase wè vwazen nou yo pou nou pale sou yon kesyon ki vrèman enteresan. [Montre moun nan do Toudegad 1ye jen an.] Ki repons ou t ap bay pou kesyon sa a?” Kite moun nan reponn. Egzamine avè l enfòmasyon ki anba premye kesyon an. Pale sou omwen youn nan vèsè yo site yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.

Toudegad 1ye jen

“Gen anviwon 6 milyon moun ki mouri chak ane akoz yo fimen. Dapre ou menm, èske w panse gen yon bagay moun ka fè pou anpeche plis moun mouri akoz zafè fimen an?” [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun ki sispann fimen lè yo vin konnen sa Bondye di sou sa. Pa egzanp, gen yon vèsè nan Bib la ki pouse kèk moun panse ak lòt moun, e konsa sa fè yo reflechi sou efè fimen gen sou lòt moun. [Li 1 Korentyen 10:24.] Peryodik sa a esplike lè yon moun vin konprann jan Bondye wè zafè fimen an, sa ka pouse l sispann fimen.”

Réveillez-vous! Jen

“Jodi a, plis pase nenpòt lòt lè, li posib pou moun gen plis swadizan zanmi pa mwayen rezo sosyal yo. Dapre ou menm, ki kalite ki pi enpòtan yon bon zanmi dwe genyen? [Kite moun nan reponn.] Gade yon konsèy Bib la bay sou fason nou ka montre nou se yon bon zanmi. [Li Jak 1:19.] Peryodik sa a bay kat prensip nou dwe suiv pou nou ka yon bon zanmi pou lòt moun.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje