Annou pa pran abitid rive anreta
1. Ki egzanp Jewova ban nou konsènan enpòtans pou nou toujou alè?
1 Jewova pa janm anreta. Pa egzanp, li bay sèvitè l yo ‘èd nan bon moman’. (Ebre 4:16.) Anplis de sa, li ban nou “manje nan bon moman”. (Mat. 24:45.) Nou mèt gen konfyans jou jijman l lan “pap anreta”. (Aba. 2:3.) Se pa ti byenfè nou jwenn lefètke Jewova pa janm anreta (Sòm 70:5)! Sepandan, pou nou menm ki enpafè e ki okipe, li ka pa fasil pou nou rive alè. Poukisa nou pa dwe pran abitid rive anreta?
2. Poukisa lè nou pa pran abitid rive anreta, sa bay Jewova louwanj?
2 Nan dènye jou sa yo, kote moun yo renmen tèt yo e yo san metriz, zafè rive anreta a gaye toupatou (2 Tim. 3:1-3). Donk, lè kretyen yo pa pran abitid rive anreta nan travay yo, nan randevou yo genyen yo ak nan reyinyon nou yo, lòt moun remake sa, e konsa sa bay Jewova louwanj (1 Pyè 2:12). Èske nou gen abitid rive nan travay nou alè, alòske souvan nou rive anreta nan reyinyon nou yo? Lè nou rive alè nan reyinyon nou yo, sa vle di nou rive bonè pou nou chante kantik ak koute priyè a, sa montre nou imite Papa nou ki nan syèl la, yon Papa ki gen lòd. — 1 Kor. 14:33, 40.
3. Lè nou pa pran abitid rive anreta, poukisa sa montre nou panse ak lòt moun?
3 Anplis de sa, lè nou pa pran abitid rive anreta, sa montre nou panse ak lòt moun (Fil. 2:3, 4). Pa egzanp, lè nou pa rive anreta nan reyinyon nou yo, sa gen ladan l reyinyon predikasyon nou yo, nou pap deranje frè ak sè nou yo. Yon lòt bò, si n se moun ki pran abitid rive anreta, sa ap bay lòt moun enpresyon nou panse tan nou gen plis valè pase tan pa yo. Lè nou pa pran abitid rive anreta, nou montre nou se moun yo ka konte sou nou, yo ka fè nou konfyans. Kalite sa yo se kalite tout moun apresye lakay moun.
4. Si nou konn anreta souvan, ki sa nou ka fè pou nou ranje sa?
4 Si nou konn anreta souvan, byen reflechi sou rezon ki fè sa. Li t ap bon pou w fè yon pwogram k ap bon pou ou k ap pèmèt ou fè tout sa w gen pou w fè yo nan lè yo dwe fèt la (Ekl. 3:1; Fil. 1:10). Mande Jewova pou l ede w (1 Jan 5:14). Lè nou pa pran abitid rive anreta, se yon fason nou demontre nou respekte de pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa a, anpalan de renmen Bondye epi renmen pwochen nou. — Mat. 22:37-39.