Yon kanpay ki bay bon rezilta
Twa semèn anvan kongrè a kòmanse, yon lòt fwa ankò, chak kongregasyon pral envite moun ki nan tèritwa pa yo pou yo asiste kongrè a. Gen bon rezon pou yo fè kanpay sa a chak ane. Moun ki aksepte envitasyon nou fè yo e ki vini nan kongrè a konn enpresyone lè yo tande diskou yo ki baze sou Bib la, lè yo wè jan sèvis yo byen òganize e se volontè sèlman ki fè tout travay yo, lè yo wè bon konduit nou genyen ak inite ki gen nan mitan nou (Sòm 110:3; 133:1; Iza. 65:13, 14). Men, èske kanpay la bay bon rezilta sitou nan zòn kote moun ki enterese yo oblije vwayaje sot byen lwen pou yo vin asiste kongrè a?
Aprè kongrè distri ane 2011 lan, gen yon dam ki te jwenn yon fich envitasyon nan pòt lakay li ki te voye yon lèt bay yon biwo filyal. Dam sa a te konn kache lè Temwen Jewova frape nan pòt li. Men sa dam nan te ekri: “Mwen te gen yon bèl kay, e m te gen yon trè bon mari, konsa m te panse m te gen tout sa m bezwen pou m gen kè kontan. Malerezman, mwen te toujou pa gen kè kontan e lavi m pa t vrèman gen sans. Se sa k fè, m te deside kondui nan yon distans 320 kilomèt pou m te ka asiste pwogram kongrè a nan samdi.” Dam nan te tèlman renmen kongrè a li te rele mari l nan telefòn pou l di l l ap pase yon lòt nuit nan zòn li te ye a pou l ka asiste kongrè a dimanch tou. Men sa dam nan te ekri ankò: “Mwen te koute tout diskou yo, m te rankontre anpil Temwen Jewova, e mwen te di m pa ta renmen pou bagay la rete la.” Lè dam nan te tounen lakay li, li te kòmanse etidye Labib e apre kat mwa, li te vin yon pwoklamatè ki poko batize. Men sa l te rekonèt: “Se pa ti kontan m kontan lefètke m te jwenn fich envitasyon sa a nan pòt kay mwen paske kounye a lavi m vrèman gen yon sans!”
Anpil moun ki resevwa yon fich envitasyon ap vin asiste kongrè a. Donk, se pou nou patisipe nan kanpay enpòtan sa a avèk zèl. Pote tout fich envitasyon ki rete yo ansanm ak nou lè n ap vin nan kongrè a epi sèvi avè yo pou n bay temwayaj enfòmèl.
[Kare nan paj 5]
Ki jan nou pral ofri fich envitasyon an?
Pou nou ka rive kouvri tout tèritwa kongregasyon an, nou pa dwe di anpil pawòl. Pa egzanp nou ka di moun nan: “Bonjou. N ap distribye fich envitasyon sa yo bay tout moun, pou nou envite yo nan yon kongrè n ap fè [di moun nan dat kongrè a ak tout adrès la]. Fich sa a se pou ou nou pote l. W ap jwenn plis detay ladan l sou kongrè a.” Se pou nou prezante fich la avèk antouzyas. Lè n ap distribye fich envitasyon an pandan wikenn nou dwe tou ofri moun yo peryodik yo lè sa apwopriye.