Rapèl pou kongrè a
Orè: Y ap ouvri pòt lokal kote y ap fè kongrè a apati 8:00 a.m. Pwogram nan ap kòmanse a 9:20 a.m. toule twa jou yo. Lè yo kòmanse pase mizik, nou tout dwe al chita nan plas nou pou pwogram nan ka kòmanse nan lòd ak diyite. Vandredi ak samdi pwogram nan ap fini bò 5:00 p.m. Dimanch y ap fini bò 4:00 p.m.
‘Louwe Jewova ak kantik yo’: Depi nan tan lontan pèp Bondye a te konn sèvi ak chante pou yo bay Jewova louwanj e jodi a tou mizik toujou jwe yon wòl enpòtan nan vrè adorasyon an (Sòm 28:7). Chak sesyon nan kongrè rejyonal la kòmanse ak yon pwogram mizikal. Yo pa pase mizik sa yo jis pou pase mizik, men yo te prepare yo pou nou ka aprann sou Jewova e pou nou ka adore l. Se sa k fè, lè prezidan sesyon an anonse pwogram mizikal la pral kòmanse, se moman pou n al chita nan plas nou pou n koute mizik la avèk rekonesans, olye pou n ret ap pale. Lè nou fè sa, nou montre nou bay efò manm òkès Watchtower a te fè yo anpil enpòtans. De fwa nan ane a, frè ak sè sa yo peye vwayaj ak kòb pa yo pou yo vin Patèsonn, nan Nouyòk, pou yo prepare bèl mizik pou fè kè nou kontan. Apre nou fin byen koute pwogram mizikal la, nou tout dwe chante kantik Wayòm yo pou nou bay Jewova louwanj.
Pakin: Nan tout lokal y ap fè asanble kote se nou ki gen kontwòl pakin nan, n ap ka pakin machin nou san nou pa peye. Se moun ki vin an premye yo k ap jwenn plas pou yo pakin machin yo. Etandone kantite plas ki nan pakin yo limite, l ap pi bon pou nou òganize nou pou plizyè moun itilize menm machin otank posib. Se sèl machin ki gen plak pou moun andikape oswa ki gen yon kat ki fè konnen machin nan se pou yon moun andikape k ap ka mete machin yo nan zòn yo rezève pou moun sa yo.
Rezèvasyon plas: Lè yo ouvri pòt yo nan maten, tanpri pa kouri pou n al chwazi plas nou pi renmen an tankou nou nan konpetisyon ak lòt moun ki vin nan kongrè a. Souple, se pou nou montre nou gen konsiderasyon pou lòt moun, se pou nou menm dispoze sakrifye preferans pa nou pou frè ak sè nou yo. Lè nou se moun ki pa wè tèt nou sèlman, nou montre nou se vrè kretyen e moun k ap gade nou yo ap bay Bondye glwa (Jan 13:34, 35; 1 Kor. 13:5; 1 Pyè 2: 12). Rezève plas sèlman pou moun ki te vwayaje nan menm machin ak nou, moun ki rete nan menm kay ak nou oubyen moun ki etidyan nou nan moman an. Tanpri, pa depoze anyen nan plas ki bò kote nou yo, sa ap pèmèt lòt moun wè plas sa yo vid. Gen kèk plas espesyal yo rezève pou moun ki granmoun ak moun ki andikape yo. Etandone plas sa yo pa anpil, se sèlman youn oswa de moun ki la espesyalman pou ede yon moun ki granmoun oswa yon andikape ki kapab chita avèk l.
Byen abiye: Fason nou abiye dwe apwopriye ak kongrè a epi l dwe modès. Nou pa dwe abiye menm jan moun nan monn nan abiye (1 Tim. 2:9). Menm lè nou pral tcheke pou n antre nan otèl la oubyen pou n soti e menm lè nou nan moman detant anvan oswa apre sesyon yo, nou dwe evite abiye yon fason ki twò rilaks. Konsa, n ap santi n fyè pou n met ensiy kongrè nou sou nou, epi n pap santi n jennen pou n bay lòt moun yon temwayaj lè n jwenn opòtinite pou sa. Nonsèlman bon konduit nou genyen ansanm ak fason nou abiye lè n pral asiste kongrè k ap vini yo ap fè moun ki gen kè sensè yo anvi tande mesaj ki nan Bib la, yon mesaj k ap sove lavi moun, men tou, sa ap fè kè Jewova kontan. — Sef. 3:17.
Se pou n gen bon prensip lè n ap sèvi ak aparèy elektwonik: N ap montre nou se moun ki gen bon prensip pandan kongrè a lè nou pwograme telefòn selilè nou oubyen lòt aparèy elektwonik nou genyen yon fason pou yo pa deranje lòt moun. Si n ap sèvi ak yon kamera, ak yon aparèy videyo, ak yon tablèt elektwonik, oubyen ak nenpòt lòt aparèy menm jan ak sa yo, nou dwe montre nou gen konsiderasyon pou lòt moun lè nou pa deranje yo e nou pa anpeche yo wè. Anplis de sa, n ap montre nou gen bon prensip lè nou pa voye SMS oubyen imel san nesesite pandan pwogram nan.
Repa: Tanpri pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte manje nan men machann yo. Nou ka vin ak yon ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vini ak gwo tèmòs, ak gwo glasyè, ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze.
Ofrann: Nou ka montre rekonesans nou pou dispozisyon yo pran pou yo òganize kongrè a lè nou mete ofrann pou travay mondyal la nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan oswa nan bwat ki nan lokal kote y ap fè kongrè a. Moun k ap bay chèk kòm ofrann dwe fè yo sou non Association chrétienne les “Témoins de Jéhovah d’Haïti”. Nan kèk peyi, yo aksepte moun itilize kat de kredi oubyen kat debi pou yo fè ofrann nan tout kongrè anplis lajan ak chèk moun konn itilize pou yo fè ofrann.
Medikaman: Si w oblije pran medikaman yon doktè preskri w, tanpri veye pou w pote kantite medikaman w ap bezwen, paske yo pap bay medikaman nan kongrè a. Lè moun ki fè maladi dyabèt yo fin sèvi ak yon sereng oubyen ak yon egwi, yo dwe jete yo nan poubèl yo mete fatra ki danjere, yo pa dwe jete yo nan poubèl yo mete fatra òdinè nan lokal kote y ap fè kongrè a ni nan otèl kote yo rete a.
Prekosyon: Tanpri, fè atansyon pou n pa lage anyen atè a ki ka fè moun glise oubyen ki ka fè yo frape pye yo. Chak ane, soulye moun yo mete konn lakòz anpil aksidan. Pou nou mache an sekirite sou mach eskalye yo, kote ki gen wòch ak tout lòt kote, li pi bon pou nou mete soulye pla ki pa lach nan pye nou.
Moun ki tande di: Y ap pase pwogram nan sou frekans FM nan lokal y ap fè kongrè a. Pou yon moun ka koute pwogram nan, l ap bezwen pote yon ti aparèy ki ka pran frekans FM e li dwe pote pil pou l met ladan l ak yon kas pou l met nan zòrèy li.
Pousèt ak chèz pliyan: Nou pa dwe vini ak pousèt pou tibebe oubyen ak gwo chèz pliyan nan lokal kote y ap fè kongrè a. Sepandan, nou ka vini ak chèz pou tibebe si n ap ka tache l sou chèz ki bò kote nou oubyen sou ban nou chita a.
Pafen: Nan kèk peyi, yo fè pifò kongrè yo nan lokal ki fèmen e ki gen sistèm vantilasyon mekanik. Kidonk, n ap montre nou gen lanmou pou lòt moun si nou pa ta mete twòp pwodui ki santi bon sou nou, tankou pafen, deyodoran, krèm, eksetera, bagay ki ka deranje moun ki gen pwoblèm pou yo respire byen oubyen ki gen lòt pwoblèm menm jan an. — 1 Kor. 10:24.
Fòmilè “Veuillez suivre l’intérêt” (S-43): Nou ta dwe sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt a pou nou bay enfòmasyon konsènan nenpòt moun nou te bay temwayaj enfòmèl pandan kongrè a ki montre l enterese. N ap remèt fòmilè nou ranpli a nan sèvis piblikasyon an pou yo fè suivi a, oubyen nou ka remèt li bay sekretè kongregasyon nou an lè nou retounen.
Restoran: N ap onore non Jewova lè nou gen bon konduit nan restoran yo. Nou dwe abiye yon fason ki apwopriye pou yon minis kretyen. Nou dwe kite yon ti kòb pou n bay moun ki sèvi nou yo si se sa moun nan zòn nan konn fè.
Otèl:
Tanpri, pa rezève plis chanm pase sa n ap itilize vre, e pa mete plis moun nan chanm nan pase kantite moun otèl la pèmèt la.
Nou pa dwe anile rezèvasyon nou genyen an sof si nou gen yon ka ijan, e nou dwe kontakte otèl la osito nou rann nou kont nou pap ka kenbe rezèvasyon an, konsa lòt moun ki bezwen lojman kapab itilize chanm sa a (Mat. 5:37). Si nou oblije anile rezèvasyon nou te fè a, veye pou yo ban nou yon nimewo ki di nou te anile rezèvasyon nou an. Si nou anile rezèvasyon nou te fè pou yon chanm nan yon delè ki pi piti pase 48 è, yo pap ranbouse nou kòb nou te depoze kòm garanti a.
Souple, li bon pou nou konnen si nou sèvi ak yon kat de kredi oubyen yon kat debi lè nou vin anrejistre pou nou antre nan yon otèl, selon prensip otèl yo genyen y ap bloke yon kantite nan kòb ki sou kont nou an. Yon kantite kòb k ap pèmèt yo touche pou chanm nou ye a, pou domaj nou ta fè nan chanm nan ak pou lòt depans nou ta fè pandan nou nan otèl la. Nou pap ka sèvi ak kòb sa a toutotan otèl la pa fin touche tout kòb li epi kont nou fin klè e sa ap pran kèk jou.
Nou dwe pran yon charyo pou nou pote malèt nou sèlman lè nou pare pou nou sèvi avè l epi nou dwe mennen l tounen tousuit dekwa pou lòt moun ka sèvi avè l.
Nou dwe bay moun ki pote malèt nou an yon ti kòb e nou dwe kite yon ti kòb chak jou pou moun ki netwaye chanm nou, si yo abitye fè sa nan peyi kote n ap asiste kongrè a.
Nou dwe fè manje sèlman nan chanm yo bay pèmisyon pou sa.
Nou pa dwe pran plis pase sa nou bezwen nan manje yo bay nan maten pou kliyan yo manje pandan yo nan otèl la, ni nou pa dwe pran twòp kafe oubyen twòp glas nan sa yo mete pou kliyan yo.
Nou dwe toujou demontre fwi lespri a nan fason nou aji avèk moun k ap travay nan otèl la. Yo gen anpil kliyan pou yo okipe e yo apresye lè nou montre nou janti, nou pasyan e nou rezonab.
Paran yo dwe toujou veye pitit yo kèlkeswa kote yo ye, kit se kote yo loje a oubyen nan otèl la, nan zòn pisin nan, nan sal resepsyon an, nan zòn yo fè egzèsis la, eksetera.
Pri yo mete pou chanm yo sou Liste des lieux d’hébergement recommandés a se pri total n ap peye yon chanm pou chak nuit, taks pa ladan l. Si nou ta wè otèl la mande pou nou peye plis kòb pase montan ki sou lis la, pa peye montan yo mande a epi fè sèvis lojman an konn sa osito posib.
Si nou gen yon pwoblèm nan chanm nou ye nan otèl la, fè sèvis lojman an konn sa tousuit anvan jounen asanble a kòmanse oubyen apre dekwa pou yo ka ede nou.
Sèvis volontè: Nenpòt moun ki ta renmen travay kòm volontè dwe pase nan sèvis volontè ki nan kongrè a. Timoun ki gen pi piti pase 16 an ka travay tou men fò yo travay anba direksyon paran yo oubyen moun k ap siveye yo a oubyen yo ka travay anba direksyon yon lòt granmoun paran yo oubyen moun k ap siveye yo a chwazi.