Yon konduit ki bay Bondye glwa
1. Poukisa li fasil pou moun remake Temwen Jewova yo lè yo vin nan kongrè distri?
1 Lè n ap asiste kongrè distri li fasil pou moun remake nou. Nan anpil vil kote nou fè kongrè, yo konn bay nouvèl nan laprès pou enfòme moun nan vil la kongresis yo nan zòn nan. Byen souvan, otèl yo ak restoran yo konn chaje ak delege. Moun nan zòn nan konn wè anpil vizitè ki gen ensiy kongrè a sou yo. Pi ba a n ap jwenn kèk rapèl k ap ede nou bay Bondye glwa grasa bon konduit nou genyen pandan nou nan vil kote y ap fè kongrè a. — 1 Pyè 2:12.
2. Ki jan nou ka bay Bondye glwa lè nou byen abiye pandan nou nan vil kote y ap fè kongrè a?
2 Byen abiye: Lè nou byen abiye pandan nou pral asiste kongrè, byen souvan, sa fè bon enpresyon sou moun k ap gade nou yo. Sepandan, modèl rad nou mete nan lòt okazyon, tankou lè y ap mennen nou nan lojman oubyen nan kèk peyi lè nou pral tcheke pou nou antre nan otèl yo, lè nou pral manje nan restoran, lè nou pral achte nan magazen eksetera, ka fè pi gwo enpresyon toujou sou moun k ap gade nou yo. Menmsi nou pa oblije met rad soti nan okazyon sa yo, nou dwe byen abiye, nou dwe met rad ki demontre respè. Nou pa dwe abiye yon fason ki twò rilaks. Moun k ap gade nou yo dwe wè diferans ki genyen ant nou menm ak moun ki pa kwayan yo (Wom. 12:2). Anplis de sa, nou dwe mete ensiy kongrè a sou nou, piske sa ap fè nou fè piblisite pou kongrè a, sa ap ban nou okazyon pou nou bay temwayaj e sa ap pèmèt lòt delege rekonèt nou.
3. Ki jan nou ka demontre pasyans ak koutwazi?
3 Pasyans ak koutwazi: Nan yon moman kote anpil moun nan monn nan wè tèt yo sèlman e yo san rekonesans, si nou gen pasyans e nou montre koutwazi se pa ti ankourajan sa ap ankourajan pou moun k ap gade nou yo, tankou anplwaye k ap travay nan otèl yo ak nan restoran yo (2 Tim. 3:1-5)! Lè n ap rezève plas pou moun oubyen lè nou nan liy pou n al pran piblikasyon se pou nou chèche avantaj pa lòt moun, pinga nou chèche pwòp avantaj pa nou (1 Kor. 10:23, 24). Lè yon mesye ki enterese te fin asiste premye kongrè l, men sa l te di: “M pa sonje anyen nan diskou yo te bay jou sa a, men konduit Temwen yo te fè yon gwo enpresyon sou mwen, yon enpresyon ki dire lontan.”
4. Poukisa nou dwe reflechi sou posiblite pou nou sèvi kòm volontè nan kongrè a si sitiyasyon nou pèmèt sa?
4 Ofri tèt nou kòm volontè: Tout moun konnen vrè kretyen yo se moun ki toujou prè pou yo ofri tèt yo kòm volontè (Sòm 110:3). Èske w ka sèvi kòm volontè nan kongrè distri a? Nan youn nan kongrè distri yo, te gen anviwon 600 frè ak sè ki te ofri tèt yo kòm volontè pou yo netwaye lokal kote yo t apral fè kongrè a anvan kongrè a kòmanse. Men remak anplwaye yo te fè: “Se bagay ki pi enpresyonan nou te ka wè! Li difisil pou yon moun imajine tout moun ki t ap travay yo se volontè yo te ye.” N ap tann kongrè distri 2013 la avèk enpasyans, nonsèlman pou nou koute e pou nou aprann nan men Bondye, men tou pou nou bay Bondye glwa.
[Kare nan paj 3-6]
Rapèl pou kongrè distri 2013 la
◼ Orè: Y ap ouvri pòt yo apati 8:00 a.m. Pwogram nan ap kòmanse a 9:20 a.m. toule twa jou yo. Lè yo kòmanse pase mizik, nou tout dwe al chita nan plas nou, yon fason pou pwogram nan ka kòmanse nan lòd ak diyite. Vandredi ak samdi y ap chante kantik e y ap fè lapriyè pou yo fini pwogram nan a 4:50 p.m. Dimanch y ap fini a 3:35 p.m.
◼ Pakin: Nan tout lokal kote y ap fè asanble e se nou ki gen kontwòl pakin nan, n ap ka pake machin nou san nou pa peye. Se moun ki vin an premye yo k ap jwenn espas pou yo pake machin yo. Etandone kantite plas ki nan pakin yo limite, l ap pi bon pou nou òganize nou pou plizyè moun itilize menm machin otank posib. Se sèl moun ki gen plak pou moun andikape, moun ki gen kat oubyen lisans ki di yo enfim k ap ka mete machin yo nan zòn yo rezève pou moun sa yo.
◼ Rezèvasyon plas: Rezève plas sèlman pou moun ki rete nan menm kay ak nou oubyen moun ki te vwayaje nan menm machin ak nou oubyen moun ki etidyan nou nan moman an. Plas yo rezève pou moun ki granmoun ak moun ki andikape yo pa anpil, poutèt sa, li ka pa posib pou tout moun nan fanmi yo chita ansanm avèk yo. Souple, kite plas sa yo pou moun ki granmoun, moun ki andikape ak moun k ap ede yo a. — 1 Kor. 13:5.
◼ Repa: Tanpri pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte manje nan men machann yo. Nou ka vin ak yon ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vini ak gwo tèmòs, ak gwo glasyè, ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze, ni ak bwason ki gen alkòl.
◼ Ofrann: Nou ka montre rekonesans nou pou dispozisyon yo pran pou yo òganize kongrè distri a lè nou mete ofrann pou travay mondyal la nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan oswa nan bwat ki nan lokal kote y ap fè kongrè a. Moun k ap bay chèk kòm ofrann dwe fè yo sou non Association chrétienne les “Témoins de Jéhovah d’Haïti”. Nan kèk peyi, yo aksepte moun itilize kat de kredi oubyen kat debi pou yo fè ofrann nan tout kongrè anplis lajan ak chèk moun konn itilize pou yo fè ofrann.
◼ Medikaman: Si w oblije pran medikaman yon doktè preskri w, tanpri veye pou w pote kantite medikaman w ap bezwen, paske yo pap bay medikaman nan kongrè a. Lè moun ki dyabetik yo fin sèvi ak yon sereng oubyen ak yon egwi yo dwe jete yo nan poubèl yo mete fatra ki danjere, yo pa dwe jete yo nan poubèl yo mete fatra òdinè ni nan lokal kote y ap fè kongrè a ni nan otèl kote yo rete a.
◼ Soulye: Chak ane, soulye moun yo mete konn lakòz anpil aksidan. Pou nou mache an sekirite sou mach eskalye yo, kote ki gen wòch ak tout lòt kote, li pi bon pou nou mete soulye pla ki pa lach nan pye nou.
◼ Moun ki tande di: Y ap difize pwogram nan sou frekans FM nan lokal y ap fè kongrè a. Pou yon moun ka koute pwogram nan, l ap bezwen pote yon ti aparèy ki ka pran frekans FM e li dwe pote pil pou l met ladan l ak yon kas pou l met nan zòrèy li.
◼ Pousèt ak chèz pliyan: Nou pa dwe vini ak pousèt pou tibebe oubyen ak gwo chèz pliyan nan lokal kote y ap fè kongrè a. Sepandan, nou ka vini ak chèz pou tibebe si n ap ka tache l sou chèz ki bò kote nou oubyen sou ban nou chita a.
◼ Pafen: Nan kèk peyi, yo fè pifò kongrè yo nan lokal ki fèmen e ki gen sistèm vantilasyon mekanik. Kidonk, n ap montre nou gen lanmou pou lòt moun si nou pa ta mete pwodui ki twò santi bon sou nou, tankou pafen, deyodoran, krèm, eksetera, bagay ki ka deranje moun ki gen pwoblèm pou yo respire byen oubyen ki gen lòt pwoblèm menm jan an. — 1 Kor. 10:24.
◼ Fòmilè “Veuillez suivre l’intérêt” (S-43): Nou ta dwe sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt a pou nou bay enfòmasyon konsènan nenpòt moun nou te bay temwayaj enfòmèl pandan kongrè distri a ki montre l enterese. N ap remèt fòmilè nou ranpli a nan sèvis piblikasyon an pou yo fè suivi a, oubyen nou ka remèt li bay sekretè kongregasyon nou an lè nou retounen.
◼ Restoran: N ap onore non Jewova lè nou gen bon konduit nan restoran yo. Nou dwe abiye yon fason ki apwopriye pou yon minis kretyen. Nou dwe kite yon tep pou moun ki sèvi nou yo si se sa moun nan zòn nan konn fè.
◼ Otèl:
1) Tanpri, pa rezève plis chanm pase sa n ap itilize vre, e pa mete plis moun nan chanm nan pase kantite moun otèl la pèmèt la.
2) Nou pa dwe anile rezèvasyon nou genyen an sof si nou gen yon ka ijan, e nou dwe kontakte otèl la osito nou rann nou kont nou pap ka kenbe rezèvasyon an, konsa lòt moun ki bezwen lojman kapab itilize chanm sa a (Mat. 5:37). Si nou oblije anile rezèvasyon nou te fè a, veye pou yo ban nou yon nimewo ki di nou te anile rezèvasyon nou an. Si nou anile rezèvasyon nou te fè pou yon chanm nan yon delè ki pi piti pase 48 è, yo pap ranbouse nou kòb nou te depoze kòm garanti a.
3) Souple, li bon pou nou konnen si nou sèvi ak yon kat de kredi oubyen yon kat debi lè nou vin anrejistre pou nou antre nan yon otèl, selon prensip otèl yo genyen y ap “bloke” yon kantite nan kòb ki sou kont nou an. Yon kantite kòb k ap pèmèt yo touche pou chanm nou ye a, pou domaj nou ta fè nan chanm nan ak pou lòt depans nou ta fè pandan nou nan otèl la. Nou pap ka sèvi ak kòb sa a toutotan otèl la pa fin touche tout kòb li epi kont nou fin klè e sa ap pran kèk jou.
4) Nou dwe pran yon charyo pou nou pote malèt nou sèlman lè nou pare pou nou sèvi avè l epi nou dwe mennen l tounen tousuit dekwa pou lòt moun ka sèvi avè l.
5) Nou dwe bay moun ki pote malèt nou an yon tep e nou dwe kite yon tep chak jou pou menajè ki netwaye chanm nou, si yo abitye fè sa nan peyi kote n ap asiste kongrè a.
6) Nou dwe fè manje sèlman nan chanm yo bay pèmisyon pou sa.
7) Nou pa dwe pran plis pase sa nou bezwen nan manje yo bay nan maten pou kliyan yo manje pandan yo nan otèl la, ni nou pa dwe pran twòp kafe oubyen twòp glas nan sa yo mete pou kliyan yo.
8) Nou dwe toujou demontre fwi lespri a nan fason nou aji avèk moun k ap travay nan otèl la. Yo gen anpil kliyan pou yo okipe e yo apresye lè nou montre nou janti, nou pasyan e nou rezonab.
9) Paran yo dwe toujou veye pitit yo kèlkeswa kote yo ye, kit se kote yo loje a oubyen nan otèl la, nan zòn pisin nan, nan sal resepsyon an, nan zòn yo fè egzèsis la, eksetera.
10) Pri yo mete pou chanm yo sou Liste des lieux d’hébergement recommandés a se pri total n ap peye yon chanm pou chak nuit, taks pa ladan l. Si nou ta wè otèl la mande pou nou peye plis kòb pase montan ki sou lis la, pa peye montan yo mande a epi fè sèvis lojman an konn sa osito posib.
11) Si nou gen yon pwoblèm nan chanm nou ye nan otèl la, fè sèvis lojman an konn sa tousuit anvan jounen asanble a kòmanse oubyen apre, dekwa pou yo ka ede nou.
◼ Sèvis Volontè: Nenpòt moun ki ta renmen travay kòm volontè dwe pase nan sèvis volontè ki nan kongrè a. Timoun ki gen pi piti pase 16 an ka travay tou men fò yo travay anba direksyon paran yo oubyen moun k ap siveye yo a oubyen yo ka travay anba direksyon yon lòt granmoun paran yo oubyen moun k ap siveye yo a chwazi.