◼ Orè: Y ap ouvri pòt yo apati 8:00 a.m. Pwogram nan ap kòmanse a 9:20 a.m. toule twa jou yo. Lè yo kòmanse pase mizik, nou tout dwe al chita nan plas nou, yon fason pou pwogram nan ka kòmanse nan lòd ak diyite. Vandredi ak samdi y ap chante kantik e y ap fè lapriyè pou yo fini pwogram nan a 4:55 p.m. Dimanch y ap fini a 3:50 p.m.
◼ Kongrè entènasyonal: Yo pral fè kongrè entènasyonal nan kèk peyi nan monn nan. Sonje biwo filyal yo envite kèk kongregasyon ak delege ki soti nan lòt peyi paske yo konnen konbyen plas k ap genyen, gwosè pakin yo ap ye ak kantite chanm otèl k ap disponib. Donk, si gen pwoklamatè k al asiste yon kongrè entènasyonal alòske yo pa t envite yo, sa ka fè vin gen twòp moun. Si sa ta rive ou bezwen asiste yon kongrè ki pa kongrè pa w, tanpri pa chwazi asiste yon kongrè entènasyonal.
◼ Pakin: Nan tout lokal y ap fè asanble kote se nou ki gen kontwòl pakin nan, n ap ka pakin machin nou san nou pa peye. Se moun ki vin an premye yo k ap jwenn espas pou yo pakin machin yo. Etandone kantite plas ki nan pakin yo limite, l ap pi bon pou nou òganize nou pou plizyè moun itilize menm machin otank posib. Se sèl machin ki gen plak pou moun andikape oswa ki gen yon kat ki fè konnen machin nan se pou yon moun andikape k ap ka mete machin yo nan zòn yo rezève pou moun sa yo.
◼ Rezèvasyon plas: Lè yo ouvri pòt yo nan maten, tanpri pa kouri al chwazi plas ou pi renmen an san w pa menm panse ak lòt moun ki la yo. Lè nou se moun ki pa wè tèt nou sèlman, sa pouse nou chèche fè sa k ap bon pou lòt moun, e sa montre nou se vrè kretyen e moun k ap gade nou yo ap bay Bondye glwa (Jan 13:34, 35; 1 Kor. 13:4, 5; 1 Pyè 2:12). Rezève plas sèlman pou moun ki rete nan menm kay ak nou oubyen moun ki te vwayaje nan menm machin ak nou oubyen moun ki etidyan nou nan moman an. Gen kèk plas espesyal yo rezève pou moun ki granmoun ak moun ki andikape yo. Etandone plas sa yo pa anpil, se sèlman youn oswa de moun ki la espesyalman pou ede yon moun ki granmoun oswa yon andikape ki kapab chita avèk li.
◼ Repa: Tanpri pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte manje nan men machann yo. Nou ka vin ak yon ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vini ak gwo tèmòs, ak gwo glasyè, ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze.
◼ Ofrann: Nou ka montre rekonesans nou pou dispozisyon yo pran pou yo òganize kongrè distri a lè nou mete ofrann pou travay mondyal la nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan oswa nan bwat ki nan lokal kote y ap fè kongrè a. Moun k ap bay chèk kòm ofrann dwe fè yo sou non Association chrétienne les “Témoins de Jéhovah d’Haïti”. Nan kèk peyi, yo aksepte moun itilize kat de kredi oubyen kat debi pou yo fè ofrann nan tout kongrè anplis lajan ak chèk moun konn itilize pou yo fè ofrann.
◼ Medikaman: Si w oblije pran medikaman yon doktè preskri w, tanpri veye pou w pote kantite medikaman w ap bezwen, paske yo pap bay medikaman nan kongrè a. Lè moun ki fè maladi dyabèt yo fin sèvi ak yon sereng oubyen ak yon egwi, yo dwe jete yo nan poubèl yo mete fatra ki danjere, yo pa dwe jete yo nan poubèl yo mete fatra òdinè ni nan lokal kote y ap fè kongrè a ni nan otèl kote yo rete a.
◼ Prekosyon: Tanpri, fè atansyon pou n pa lage anyen atè a ki ka fè moun glise oswa frape pye yo. Chak ane, soulye moun yo mete konn lakòz anpil aksidan. Pou nou mache an sekirite sou mach eskalye yo, kote ki gen wòch ak tout lòt kote, li pi bon pou nou mete soulye pla ki pa lach nan pye nou.
◼ Moun ki tande di: Y ap pase pwogram nan sou frekans FM nan lokal y ap fè kongrè a. Pou yon moun ka koute pwogram nan, l ap bezwen pote yon ti aparèy ki ka pran frekans FM e li dwe pote pil pou l met ladan l ak yon kas pou l met nan zòrèy li.
◼ Pousèt ak chèz pliyan: Nou pa dwe vini ak pousèt pou tibebe oubyen ak gwo chèz pliyan nan lokal kote y ap fè kongrè a. Sepandan, nou ka vini ak chèz pou tibebe si n ap ka tache l sou chèz ki bò kote nou oubyen sou ban nou chita a.
◼ Pafen: Nan kèk peyi, yo fè pifò kongrè yo nan lokal ki fèmen e ki gen sistèm vantilasyon mekanik. Kidonk, n ap montre nou gen lanmou pou lòt moun si nou pa ta mete twòp pwodui ki santi bon sou nou, tankou pafen, deyodoran, krèm, eksetera, bagay ki ka deranje moun ki gen pwoblèm pou yo respire byen oubyen ki gen lòt pwoblèm menm jan an. — 1 Kor. 10:24.
◼ Fòmilè “Veuillez suivre l’intérêt” (S-43): Nou ta dwe sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt a pou nou bay enfòmasyon konsènan nenpòt moun nou te bay temwayaj enfòmèl pandan kongrè distri a ki montre l enterese. N ap remèt fòmilè nou ranpli a nan sèvis piblikasyon an pou yo fè suivi a, oubyen nou ka remèt li bay sekretè kongregasyon nou an lè nou retounen.
◼ Restoran: N ap onore non Jewova lè nou gen bon konduit nan restoran yo. Nou dwe abiye yon fason ki apwopriye pou yon minis kretyen. Nou dwe kite yon ti kòb pou n bay moun ki sèvi nou yo si se sa moun nan zòn nan konn fè.
◼ Otèl:
Tanpri, pa rezève plis chanm pase sa n ap itilize vre, e pa mete plis moun nan chanm nan pase kantite moun otèl la pèmèt la.
Nou pa dwe anile rezèvasyon nou genyen an sof si nou gen yon ka ijan, e nou dwe kontakte otèl la osito nou rann nou kont nou pap ka kenbe rezèvasyon an, konsa lòt moun ki bezwen lojman kapab itilize chanm sa a (Mat. 5:37). Si nou oblije anile rezèvasyon nou te fè a, veye pou yo ban nou yon nimewo ki di nou te anile rezèvasyon nou an. Si nou anile rezèvasyon nou te fè pou yon chanm nan yon delè ki pi piti pase 48 è, yo pap ranbouse nou kòb nou te depoze kòm garanti a.
Souple, li bon pou nou konnen si nou sèvi ak yon kat de kredi oubyen yon kat debi lè nou vin anrejistre pou nou antre nan yon otèl, selon prensip otèl yo genyen y ap bloke yon kantite nan kòb ki sou kont nou an. Yon kantite kòb k ap pèmèt yo touche pou chanm nou ye a, pou domaj nou ta fè nan chanm nan ak pou lòt depans nou ta fè pandan nou nan otèl la. Nou pap ka sèvi ak kòb sa a toutotan otèl la pa fin touche tout kòb li epi kont nou fin klè e sa ap pran kèk jou.
Nou dwe pran yon charyo pou nou pote malèt nou sèlman lè nou pare pou nou sèvi avè l epi nou dwe mennen l tounen tousuit dekwa pou lòt moun ka sèvi avè l.
Nou dwe bay moun ki pote malèt nou an yon ti kòb e nou dwe kite yon ti kòb chak jou pou moun ki netwaye chanm nou, si yo abitye fè sa nan peyi kote n ap asiste kongrè a.
Nou dwe fè manje sèlman nan chanm yo bay pèmisyon pou sa.
Nou pa dwe pran plis pase sa nou bezwen nan manje yo bay nan maten pou kliyan yo manje pandan yo nan otèl la, ni nou pa dwe pran twòp kafe oubyen twòp glas nan sa yo mete pou kliyan yo.
Nou dwe toujou demontre fwi lespri a nan fason nou aji avèk moun k ap travay nan otèl la. Yo gen anpil kliyan pou yo okipe e yo apresye lè nou montre nou janti, nou pasyan e nou rezonab.
Paran yo dwe toujou veye pitit yo kèlkeswa kote yo ye, kit se kote yo loje a oubyen nan otèl la, nan zòn pisin nan, nan sal resepsyon an, nan zòn yo fè egzèsis la, eksetera.
Pri yo mete pou chanm yo sou Liste des lieux d’hébergement recommandés a se pri total n ap peye yon chanm pou chak nuit, taks pa ladan l. Si nou ta wè otèl la mande pou nou peye plis kòb pase montan ki sou lis la, pa peye montan yo mande a epi fè sèvis lojman an konn sa osito posib.
Si nou gen yon pwoblèm nan chanm nou ye nan otèl la, fè sèvis lojman an konn sa tousuit anvan jounen asanble a kòmanse oubyen apre, dekwa pou yo ka ede nou.
◼ Sèvis volontè: Nenpòt moun ki ta renmen travay kòm volontè dwe pase nan sèvis volontè ki nan kongrè a. Timoun ki gen pi piti pase 16 an ka travay tou men fò yo travay anba direksyon paran yo oubyen moun k ap siveye yo a oubyen yo ka travay anba direksyon yon lòt granmoun paran yo oubyen moun k ap siveye yo a chwazi.