Preparasyon nou bezwen fè pou n anseye yon fason efikas
Yo te poze Jezi kesyon sou lavi ki pap janm fini an, omwen nan de okazyon yo te poze l menm kesyon an, men nan chak okazyon Jezi te bay yon repons ki koresponn ak bezwen moun ki te poze l kesyon an (Lik 10:25-28; 18:18-20). Se sa k fè, menmsi nou ka byen konnen piblikasyon nou itilize pou n fè etid biblik ak moun yo, nou dwe prepare etid nou pral fè a anvan, toutpandan nou gen etidyan an nan lespri nou. Ki pwen ki ka difisil pou l konprann oswa pou l aksepte? Ki vèsè nan vèsè yo bay kòm referans yo nou dwe li avè l? Ki kantite paragraf nou dwe chèche fè avè l? Nou ka bezwen prepare yon egzanp, yon esplikasyon oubyen yon seri kesyon pou n ede etidyan an konprann enfòmasyon yo. Mete sou sa, piske se Jewova k ap fè semans verite a grandi nan kè etidyan an, nou dwe mande Jewova pou l beni preparasyon n ap fè pou etid la, pou l beni etidyan an e pou l beni efò n ap fè pou n ede etidyan an nan domèn espirityèl. — 1 Kor. 3:6; Jak 1:5.