BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Jodi a

Vandredi 10 oktòb

Yon moun kòmanse gen sajès lè l gen lakrentif pou Jewova. — Pwo. 9:10.

Antanke kretyen, ki sa nou dwe fè si yon imaj pònografi parèt sou aparèy elektwonik nou? Nou dwe retire l menm moman an. Sa k ap ede n fè sa, se lè n sonje relasyon n ak Jewova se bagay ki pi enpòtan nou genyen. Anfèt, menm imaj moun pa konsidere kòm imaj pònografi ka fè nou gen dezi seksyèl. Poukisa nou dwe evite yo? Paske nou pa ta renmen anyen fè n fè adiltè nan kè nou (Mat. 5:​28, 29). Men sa yon ansyen nan peyi Tayilann ki rele David di: “Mwen konn mande tèt mwen: ‘Menmsi imaj m ap gade yo gendwa pa imaj pònografi, èske sa ap fè Jewova plezi si m kontinye gade yo?’ Lè n reflechi konsa, sa kapab ede n aji avèk sajès.” Yon bagay k ap ede n aji avèk sajès se lè n veye pou n pa fè anyen ki ta ka fè Jewova lapenn. Lè yon moun gen lakrentif pou Bondye, se lè sa a li “kòmanse gen sajès”. w23.06 23 § 12-13.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Samdi 11 oktòb

Ale, pèp mwen an, antre nan chanm nou. — Eza. 26:20.

“Chanm” yo pale de yo la a se kapab kongregasyon nou yo. Pandan gwo tribilasyon an, n ap jwenn pwoteksyon Jewova pwomèt la si n ret ini ak frè n ak sè n yo. Kidonk, nou dwe fè anpil efò depi kounye a pou n pa jis sipòte frè n ak sè n yo, men pou n renmen yo tou. Petèt n ap bezwen fè sa pou n ka sove! “Gran jou Jewova a” pral difisil anpil pou tout moun nèt (Sof. 1:​14, 15). Pèp Jewova a pral soufri tou. Men si n prepare n depi kounye a n ap kapab rete kalm e n ap ka ede lòt moun. N ap rive andire kèlkeswa difikilte nou ta jwenn. Lè frè n ak sè n yo ap soufri, n ap fè tout sa n kapab pou n soulaje yo lè n montre nou gen konpasyon pou yo ak lè n ede yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. E n ap rive rete pwòch ak frè n ak sè n yo paske nou deja aprann renmen yo. Lè sa a, Jewova ap rekonpanse nou, l ap ban nou lavi ki pap janm fini an nan yon monn kote n ap bliye tout katastwòf ak tout tribilasyon. — Eza. 65:17. w23.07 7 § 16-17.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Dimanch 12 oktòb

[Jewova] ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm, l ap mete nou sou yon fondasyon ki solid. — 1 Pyè 5:10.

Byen souvan, Pawòl Bondye a pale konsènan yon seri mesye ki te fidèl ki te gen anpil kouraj. Men, menm moun ki te gen plis kouraj pami moun sa yo pa t toujou santi yo djanm. Pa egzanp, nan kèk okazyon, wa David te santi l “djanm tankou yon mòn”, men, nan lòt okazyon, li te “pè anpil”. (Sòm 30:7.) Aktout Samson te gen yon fòs estrawòdinè lè lespri Bondye te sou li, li te rekonèt si Bondye pa t ba l fòs, li t ap “pèdi fòs [li] e [li t ap] vin fèb tankou nenpòt gason”. (Jij 14:​5, 6; 16:17.) Se paske Jewova te bay mesye fidèl sa yo pisans ki fè yo te djanm. Apot Pòl te rekonèt li menm tou li te bezwen Jewova ba l pisans (2 Kor. 12:​9, 10). Li te konn gen pwoblèm sante (Gal. 4:​13, 14). Pafwa, li te oblije fè anpil efò pou l fè sa ki byen (Wom. 7:​18, 19). E gende lè, li te santi l pè paske l pa t konn sa k te ka rive l (2 Kor. 1:​8, 9). Aktout sa, lè Pòl te fèb, li te vin gen pisans. Ki jan? Jewova te bay Pòl pisans li te bezwen. Li te fè Pòl vin djanm. w23.10 12 § 1-2.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje