Samdi 11 oktòb
Ale, pèp mwen an, antre nan chanm nou. — Eza. 26:20.
“Chanm” yo pale de yo la a se kapab kongregasyon nou yo. Pandan gwo tribilasyon an, n ap jwenn pwoteksyon Jewova pwomèt la si n ret ini ak frè n ak sè n yo. Kidonk, nou dwe fè anpil efò depi kounye a pou n pa jis sipòte frè n ak sè n yo, men pou n renmen yo tou. Petèt n ap bezwen fè sa pou n ka sove! “Gran jou Jewova a” pral difisil anpil pou tout moun nèt (Sof. 1:14, 15). Pèp Jewova a pral soufri tou. Men si n prepare n depi kounye a n ap kapab rete kalm e n ap ka ede lòt moun. N ap rive andire kèlkeswa difikilte nou ta jwenn. Lè frè n ak sè n yo ap soufri, n ap fè tout sa n kapab pou n soulaje yo lè n montre nou gen konpasyon pou yo ak lè n ede yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. E n ap rive rete pwòch ak frè n ak sè n yo paske nou deja aprann renmen yo. Lè sa a, Jewova ap rekonpanse nou, l ap ban nou lavi ki pap janm fini an nan yon monn kote n ap bliye tout katastwòf ak tout tribilasyon. — Eza. 65:17. w23.07 7 § 16-17.
Dimanch 12 oktòb
[Jewova] ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm, l ap mete nou sou yon fondasyon ki solid. — 1 Pyè 5:10.
Byen souvan, Pawòl Bondye a pale konsènan yon seri mesye ki te fidèl ki te gen anpil kouraj. Men, menm moun ki te gen plis kouraj pami moun sa yo pa t toujou santi yo djanm. Pa egzanp, nan kèk okazyon, wa David te santi l “djanm tankou yon mòn”, men, nan lòt okazyon, li te “pè anpil”. (Sòm 30:7.) Aktout Samson te gen yon fòs estrawòdinè lè lespri Bondye te sou li, li te rekonèt si Bondye pa t ba l fòs, li t ap “pèdi fòs [li] e [li t ap] vin fèb tankou nenpòt gason”. (Jij 14:5, 6; 16:17.) Se paske Jewova te bay mesye fidèl sa yo pisans ki fè yo te djanm. Apot Pòl te rekonèt li menm tou li te bezwen Jewova ba l pisans (2 Kor. 12:9, 10). Li te konn gen pwoblèm sante (Gal. 4:13, 14). Pafwa, li te oblije fè anpil efò pou l fè sa ki byen (Wom. 7:18, 19). E gende lè, li te santi l pè paske l pa t konn sa k te ka rive l (2 Kor. 1:8, 9). Aktout sa, lè Pòl te fèb, li te vin gen pisans. Ki jan? Jewova te bay Pòl pisans li te bezwen. Li te fè Pòl vin djanm. w23.10 12 § 1-2.
Lendi 13 oktòb
Jewova […] wè sa k nan kè yon moun. — 1 Sam. 16:7.
Pafwa, si n ap goumen ak santiman ki fè n panse nou pa vo anyen, nou bezwen sonje se Jewova li menm ki rale nou vin jwenn li (Jan 6:44). Li wè bon bagay nou gen lakay nou, bagay nou menm nou ka pa wè, e li konnen sa k nan kè nou (2 Kwo. 6:30). Donk, nou kapab fè Jewova konfyans, lè l di nou gen valè pou li (1 Jan 3:19, 20). Gen nan nou anvan n te aprann laverite ki te konn fè yon seri bagay ki ka fè n santi n koupab jis kounye a (1 Pyè 4:3). Menm kretyen ki fidèl yo ap goumen kont tandans pou yo fè peche. Èske kè w ap kondane w? Si sa rive w, sa kapab konsole w pou w konnen gen sèvitè fidèl Jewova ki te goumen ak santiman konsa. Pa egzanp, lè apot Pòl t ap panse ak enpèfeksyon li genyen, sa te fè l mal anpil (Wom. 7:24). Nòmalman, Pòl te repanti pou peche l yo e l te batize. Aktout sa, li te fè konnen li se “pi piti nan apot yo” e se li menm ki “pi mal” pami pechè yo. — 1 Kor. 15:9; 1 Tim. 1:15. w24.03 27 § 5-6.