Dimanch 12 oktòb
[Jewova] ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm, l ap mete nou sou yon fondasyon ki solid. — 1 Pyè 5:10.
Byen souvan, Pawòl Bondye a pale konsènan yon seri mesye ki te fidèl ki te gen anpil kouraj. Men, menm moun ki te gen plis kouraj pami moun sa yo pa t toujou santi yo djanm. Pa egzanp, nan kèk okazyon, wa David te santi l “djanm tankou yon mòn”, men, nan lòt okazyon, li te “pè anpil”. (Sòm 30:7.) Aktout Samson te gen yon fòs estrawòdinè lè lespri Bondye te sou li, li te rekonèt si Bondye pa t ba l fòs, li t ap “pèdi fòs [li] e [li t ap] vin fèb tankou nenpòt gason”. (Jij 14:5, 6; 16:17.) Se paske Jewova te bay mesye fidèl sa yo pisans ki fè yo te djanm. Apot Pòl te rekonèt li menm tou li te bezwen Jewova ba l pisans (2 Kor. 12:9, 10). Li te konn gen pwoblèm sante (Gal. 4:13, 14). Pafwa, li te oblije fè anpil efò pou l fè sa ki byen (Wom. 7:18, 19). E gende lè, li te santi l pè paske l pa t konn sa k te ka rive l (2 Kor. 1:8, 9). Aktout sa, lè Pòl te fèb, li te vin gen pisans. Ki jan? Jewova te bay Pòl pisans li te bezwen. Li te fè Pòl vin djanm. w23.10 12 § 1-2.
Lendi 13 oktòb
Jewova […] wè sa k nan kè yon moun. — 1 Sam. 16:7.
Pafwa, si n ap goumen ak santiman ki fè n panse nou pa vo anyen, nou bezwen sonje se Jewova li menm ki rale nou vin jwenn li (Jan 6:44). Li wè bon bagay nou gen lakay nou, bagay nou menm nou ka pa wè, e li konnen sa k nan kè nou (2 Kwo. 6:30). Donk, nou kapab fè Jewova konfyans, lè l di nou gen valè pou li (1 Jan 3:19, 20). Gen nan nou anvan n te aprann laverite ki te konn fè yon seri bagay ki ka fè n santi n koupab jis kounye a (1 Pyè 4:3). Menm kretyen ki fidèl yo ap goumen kont tandans pou yo fè peche. Èske kè w ap kondane w? Si sa rive w, sa kapab konsole w pou w konnen gen sèvitè fidèl Jewova ki te goumen ak santiman konsa. Pa egzanp, lè apot Pòl t ap panse ak enpèfeksyon li genyen, sa te fè l mal anpil (Wom. 7:24). Nòmalman, Pòl te repanti pou peche l yo e l te batize. Aktout sa, li te fè konnen li se “pi piti nan apot yo” e se li menm ki “pi mal” pami pechè yo. — 1 Kor. 15:9; 1 Tim. 1:15. w24.03 27 § 5-6.
Madi 14 oktòb
Pèp la te abandone kay Jewova. — 2 Kwo. 24:18.
Youn nan leson nou ka aprann nan move desizyon wa Jewowas te pran sèke nou bezwen chwazi zanmi k ap gen bon enfliyans sou nou, zanmi ki renmen Jewova e ki vle fè kè l kontan. Nou pa oblije fè zanmi ak moun ki gen menm laj avè n sèlman. Sonje Jewowas te pi jèn lontan pase Jewoyada, zanmi l lan. Men kesyon w ka poze tèt ou konsènan moun ou chwazi kòm zanmi w: ‘Èske yo ede m gen plis lafwa nan Jewova? Èske yo ankouraje m viv ann amoni ak prensip Bondye yo? Èske yo konn pale konsènan Jewova e konsènan verite l yo ki gen anpil valè? Èske yo montre yo gen respè pou prensip Bondye yo? Èske yo annik di m sa m ta renmen tande oswa èske yo gen kouraj pou yo korije m si m pral nan yon move chemen?’ (Pwo. 27:5, 6, 17). Franchman, si zanmi w yo pa renmen Jewova, ou pa bezwen yo kòm zanmi. Men, si yo renmen Jewova, kontinye ret zanmi yo, y ap toujou ede w. — Pwo. 13:20. w23.09 9-10 § 6-7.