BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
Anons
Nouvo lang ki disponib: Betsimisaraka (Northern), Betsimisaraka (Southern), Konkomba, Matses, Mi'kmaq
  • Jodi a

Madi 14 oktòb

Pèp la te abandone kay Jewova. — 2 Kwo. 24:18.

Youn nan leson nou ka aprann nan move desizyon wa Jewowas te pran sèke nou bezwen chwazi zanmi k ap gen bon enfliyans sou nou, zanmi ki renmen Jewova e ki vle fè kè l kontan. Nou pa oblije fè zanmi ak moun ki gen menm laj avè n sèlman. Sonje Jewowas te pi jèn lontan pase Jewoyada, zanmi l lan. Men kesyon w ka poze tèt ou konsènan moun ou chwazi kòm zanmi w: ‘Èske yo ede m gen plis lafwa nan Jewova? Èske yo ankouraje m viv ann amoni ak prensip Bondye yo? Èske yo konn pale konsènan Jewova e konsènan verite l yo ki gen anpil valè? Èske yo montre yo gen respè pou prensip Bondye yo? Èske yo annik di m sa m ta renmen tande oswa èske yo gen kouraj pou yo korije m si m pral nan yon move chemen?’ (Pwo. 27:​5, 6, 17). Franchman, si zanmi w yo pa renmen Jewova, ou pa bezwen yo kòm zanmi. Men, si yo renmen Jewova, kontinye ret zanmi yo, y ap toujou ede w. — Pwo. 13:20. w23.09 9-10 § 6-7.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Mèkredi 15 oktòb

Mwen se Alfa ak Omega. — Rev. 1:8.

Alfa se premye lèt nan alfabè grèk la, e omega se dènye a. Lefètke Jewova di li se “Alfa ak Omega”, sa montre lè l kòmanse yon bagay, l ap fini l kanmenm. Apre Jewova te fin kreye Adan ak Èv, li te di yo: “Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a.” (Jen. 1:28). Nan moman sa a, se kòmsi Jewova te di: “Alfa.” Li te fè konn objektif li aklè: Gen yon lè k ap vini tè a pral plen ak desandan Adan ak Èv ki pafè e ki obeyisan, e y ap fè l vin yon paradi. Lè moman sa a rive, nan yon sans Jewova pral di: “Omega.” Apre Jewova te fin kreye “syèl la ak tè a ak tout sa k ladan yo”, li te bay yon garanti. Li te met setyèm jou a apa pou l reyalize objektif li genyen pou lèzòm e pou tè a. Donk, lè l te deklare setyèm jou a sakre, se kòmsi l te di objektif li t ap fin reyalize nèt nan fen setyèm jou a. — Jen. 2:​1-3. w23.11 5 § 13-14.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Jedi 16 oktòb

Prepare wout la pou Jewova! Fè yon gwo wout byen dwat nan dezè a pou Bondye nou an. — Eza. 40:3.

Sa te ka pran anviwon kat mwa pou soti Babilòn rive Jerizalèm, e vwayaj la pa t fasil menm. Men, Jewova te pwomèt li pa t ap kite anyen anpeche yo tounen nan peyi yo. Juif ki te fidèl yo te konnen, lè yo retounen Izrayèl, yo t ap jwenn plis benediksyon lontan pase nenpòt sakrifis yo t ap gen pou yo fè. Pi gwo benediksyon yo t ap jwenn nan te gen rapò ak adorasyon yo t ap bay Jewova a. Pa t gen tanp pou adore Jewova nan vil sa a. Pa t gen lotèl pou Izrayelit yo te ofri sakrifis, jan Lwa Jewova te bay Moyiz la te mande sa, e pa t gen yon klas prèt ki te òganize pou ofri sakrifis sa yo. Mete sou sa, gason ak fi payen sa yo, ki pa t gen okenn respè pou Jewova ak prensip li yo, te pi plis lontan pase pèp Jewova a. Se sa k fè te gen plizyè milye Juif ki te gen lakrentif pou Bondye ki te anvi retounen nan peyi yo, kote yo t ap ka retabli vrè adorasyon an. w23.05 14-15 § 3-4.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje