BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
Anons
Nouvo lang ki disponib: Betsimisaraka (Northern), Betsimisaraka (Southern), Konkomba, Matses, Mi'kmaq
  • Jodi a

Mèkredi 15 oktòb

Mwen se Alfa ak Omega. — Rev. 1:8.

Alfa se premye lèt nan alfabè grèk la, e omega se dènye a. Lefètke Jewova di li se “Alfa ak Omega”, sa montre lè l kòmanse yon bagay, l ap fini l kanmenm. Apre Jewova te fin kreye Adan ak Èv, li te di yo: “Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a.” (Jen. 1:28). Nan moman sa a, se kòmsi Jewova te di: “Alfa.” Li te fè konn objektif li aklè: Gen yon lè k ap vini tè a pral plen ak desandan Adan ak Èv ki pafè e ki obeyisan, e y ap fè l vin yon paradi. Lè moman sa a rive, nan yon sans Jewova pral di: “Omega.” Apre Jewova te fin kreye “syèl la ak tè a ak tout sa k ladan yo”, li te bay yon garanti. Li te met setyèm jou a apa pou l reyalize objektif li genyen pou lèzòm e pou tè a. Donk, lè l te deklare setyèm jou a sakre, se kòmsi l te di objektif li t ap fin reyalize nèt nan fen setyèm jou a. — Jen. 2:​1-3. w23.11 5 § 13-14.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Jedi 16 oktòb

Prepare wout la pou Jewova! Fè yon gwo wout byen dwat nan dezè a pou Bondye nou an. — Eza. 40:3.

Sa te ka pran anviwon kat mwa pou soti Babilòn rive Jerizalèm, e vwayaj la pa t fasil menm. Men, Jewova te pwomèt li pa t ap kite anyen anpeche yo tounen nan peyi yo. Juif ki te fidèl yo te konnen, lè yo retounen Izrayèl, yo t ap jwenn plis benediksyon lontan pase nenpòt sakrifis yo t ap gen pou yo fè. Pi gwo benediksyon yo t ap jwenn nan te gen rapò ak adorasyon yo t ap bay Jewova a. Pa t gen tanp pou adore Jewova nan vil sa a. Pa t gen lotèl pou Izrayelit yo te ofri sakrifis, jan Lwa Jewova te bay Moyiz la te mande sa, e pa t gen yon klas prèt ki te òganize pou ofri sakrifis sa yo. Mete sou sa, gason ak fi payen sa yo, ki pa t gen okenn respè pou Jewova ak prensip li yo, te pi plis lontan pase pèp Jewova a. Se sa k fè te gen plizyè milye Juif ki te gen lakrentif pou Bondye ki te anvi retounen nan peyi yo, kote yo t ap ka retabli vrè adorasyon an. w23.05 14-15 § 3-4.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Vandredi 17 oktòb

Se pou nou kontinye mache tankou pitit limyè. — Efe. 5:8.

Nou bezwen èd lespri sen Bondye pou nou kapab kontinye aji “tankou pitit limyè”. Poukisa? Paske sa mande anpil efò pou n rete pwòp nan monn imoral sa a (1 Tes. 4:​3-5, 7, 8). Lespri sen kapab ede n reziste kont fason moun nan monn nan panse, sa gen ladan l fason yo wè bagay yo ki pa ann amoni ak fason Bondye panse. Lespri sen kapab ede n tou pou n pwodui “tout kalite bonte ak jistis”. (Efe. 5:9.) Youn nan fason nou kapab jwenn lespri sen se lè nou priye pou sa. Jezi te di Jewova “ap bay moun lespri sen si yo mande l li”. (Lik 11:13.) E lè n ap fè louwanj pou Jewova ansanm nan reyinyon yo, se yon lòt fason nou resevwa lespri sen (Efe. 5:​19, 20). Bonjan enfliyans lespri sen Bondye gen sou nou ap ede n viv yon fason ki fè Bondye plezi. w24.03 23-24 § 13-15.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje