Jedi 16 oktòb
Prepare wout la pou Jewova! Fè yon gwo wout byen dwat nan dezè a pou Bondye nou an. — Eza. 40:3.
Sa te ka pran anviwon kat mwa pou soti Babilòn rive Jerizalèm, e vwayaj la pa t fasil menm. Men, Jewova te pwomèt li pa t ap kite anyen anpeche yo tounen nan peyi yo. Juif ki te fidèl yo te konnen, lè yo retounen Izrayèl, yo t ap jwenn plis benediksyon lontan pase nenpòt sakrifis yo t ap gen pou yo fè. Pi gwo benediksyon yo t ap jwenn nan te gen rapò ak adorasyon yo t ap bay Jewova a. Pa t gen tanp pou adore Jewova nan vil sa a. Pa t gen lotèl pou Izrayelit yo te ofri sakrifis, jan Lwa Jewova te bay Moyiz la te mande sa, e pa t gen yon klas prèt ki te òganize pou ofri sakrifis sa yo. Mete sou sa, gason ak fi payen sa yo, ki pa t gen okenn respè pou Jewova ak prensip li yo, te pi plis lontan pase pèp Jewova a. Se sa k fè te gen plizyè milye Juif ki te gen lakrentif pou Bondye ki te anvi retounen nan peyi yo, kote yo t ap ka retabli vrè adorasyon an. w23.05 14-15 § 3-4.
Vandredi 17 oktòb
Se pou nou kontinye mache tankou pitit limyè. — Efe. 5:8.
Nou bezwen èd lespri sen Bondye pou nou kapab kontinye aji “tankou pitit limyè”. Poukisa? Paske sa mande anpil efò pou n rete pwòp nan monn imoral sa a (1 Tes. 4:3-5, 7, 8). Lespri sen kapab ede n reziste kont fason moun nan monn nan panse, sa gen ladan l fason yo wè bagay yo ki pa ann amoni ak fason Bondye panse. Lespri sen kapab ede n tou pou n pwodui “tout kalite bonte ak jistis”. (Efe. 5:9.) Youn nan fason nou kapab jwenn lespri sen se lè nou priye pou sa. Jezi te di Jewova “ap bay moun lespri sen si yo mande l li”. (Lik 11:13.) E lè n ap fè louwanj pou Jewova ansanm nan reyinyon yo, se yon lòt fason nou resevwa lespri sen (Efe. 5:19, 20). Bonjan enfliyans lespri sen Bondye gen sou nou ap ede n viv yon fason ki fè Bondye plezi. w24.03 23-24 § 13-15.
Samdi 18 oktòb
Kontinye mande, y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou. — Lik 11:9.
Èske w bezwen gen plis pasyans? Si wi, priye pou sa. Pasyans se yon kalite nan fwi lespri a (Gal. 5:22, 23). Donk, nou ka priye Jewova pou n mande l lespri sen e pou l ede n gen fwi lespri a. Si n ap fè fas ak yon sitiyasyon ki mande pou n gen pasyans, nou kapab “kontinye mande” Jewova lespri sen pou ede n gen pasyans (Lik 11:13). Epitou, nou kapab mande Jewova pou l ede n wè bagay yo menm jan avè l. Apre nou fin priye l, nou bezwen fè tout sa n kapab pou n demontre pasyans chak jou. Plis nou priye Jewova pou l ede n gen pasyans e n fè efò pou n gen pasyans, se plis kalite sa a ap anrasinen nan kè nou, e l ap vin fè pati pèsonalite nou. Medite sou egzanp nou jwenn nan Bib la ka ede nou tou. Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp moun ki te gen pasyans. Lè n medite sou egzanp moun sa yo, nou ka aprann fason pou n demontre pasyans. w23.08 22 § 10-11.