Samdi 18 oktòb
Kontinye mande, y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou. — Lik 11:9.
Èske w bezwen gen plis pasyans? Si wi, priye pou sa. Pasyans se yon kalite nan fwi lespri a (Gal. 5:22, 23). Donk, nou ka priye Jewova pou n mande l lespri sen e pou l ede n gen fwi lespri a. Si n ap fè fas ak yon sitiyasyon ki mande pou n gen pasyans, nou kapab “kontinye mande” Jewova lespri sen pou ede n gen pasyans (Lik 11:13). Epitou, nou kapab mande Jewova pou l ede n wè bagay yo menm jan avè l. Apre nou fin priye l, nou bezwen fè tout sa n kapab pou n demontre pasyans chak jou. Plis nou priye Jewova pou l ede n gen pasyans e n fè efò pou n gen pasyans, se plis kalite sa a ap anrasinen nan kè nou, e l ap vin fè pati pèsonalite nou. Medite sou egzanp nou jwenn nan Bib la ka ede nou tou. Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp moun ki te gen pasyans. Lè n medite sou egzanp moun sa yo, nou ka aprann fason pou n demontre pasyans. w23.08 22 § 10-11.
Dimanch 19 oktòb
Lage filè nou pou nou peche. — Lik 5:4.
Jezi te bay apot Pyè asirans Jewova t ap pran swen l. Apre Jezi fin resisite, li te fè yon lòt mirak kote l te fè Pyè ak lòt apot yo pran anpil pwason (Jan 21:4-6). Pa gen dout, mirak sa a te bay Pyè asirans Jewova t ap kapab ede l jwenn sa l bezwen pou l viv byen fasil. Petèt lè sa a, apot la te sonje lè Jezi te di Jewova t ap pran swen moun ki “kontinye chèche Wayòm nan an premye”. (Mat. 6:33.) Se pou rezon sa a, Pyè te bay travay predikasyon an premye plas nan lavi l olye l te bay biznis lapèch la plis enpòtans. Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, li te bay yon bèl temwayaj, e sa te ede plizyè milye moun aksepte bon nouvèl la (Tra. 2:14, 37-41). Annapre, li te ede moun Samari yo ak moun lòt nasyon yo pou yo konn kiyès Kris ye e pou yo suiv li (Tra. 8:14-17; 10:44-48). Se sèten, Jewova te itilize Pyè anpil pou ede tout kalite moun vin fè pati kongregasyon an. w23.09 20 § 1; 23 § 11.
Lendi 20 oktòb
Si nou pa di m rèv mwen fè a ansanm ak sa l vle di, m ap fè yo rache nou miyèt moso. — Dàn. 2:5.
Anviwon dezan apre Babilónyen yo te fin detwi Jerizalèm, wa Nebikadneza, ki t ap dirije Babilòn, te fè yon rèv ki te boulvèse l kote l te wè yon estati ki te gwo anpil. Li te menase pou l touye tout mesye ki gen sajès ki t ap travay pou li yo, san wete Dànyèl, si yo pa t kapab di l rèv li te fè a e si yo pa t kapab di l sa rèv la vle di (Dàn. 2:3-5). Dànyèl te oblije aji vit. Si l pa t fè sa, anpil moun t ap pèdi lavi yo. Li te “antre kot wa a e li [te] mande l pou l ba l tan pou l esplike l rèv li te fè a”. (Dàn. 2:16.) Sa te mande kouraj ak lafwa. Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Dànyèl te konn esplike rèv anvan sa. Li te mande zanmi l yo, “pou yo priye Bondye nan syèl la pou l fè yo mizèrikòd pou l ka devwale sekrè sa a”. (Dàn. 2:18.) Jewova te reponn priyè yo te fè a. Grasa èd Bondye, Dànyèl te esplike Nebikadneza rèv la. Dànyèl ak zanmi l yo pa t pèdi lavi yo. w23.08 3 § 4.