Dimanch 19 oktòb
Lage filè nou pou nou peche. — Lik 5:4.
Jezi te bay apot Pyè asirans Jewova t ap pran swen l. Apre Jezi fin resisite, li te fè yon lòt mirak kote l te fè Pyè ak lòt apot yo pran anpil pwason (Jan 21:4-6). Pa gen dout, mirak sa a te bay Pyè asirans Jewova t ap kapab ede l jwenn sa l bezwen pou l viv byen fasil. Petèt lè sa a, apot la te sonje lè Jezi te di Jewova t ap pran swen moun ki “kontinye chèche Wayòm nan an premye”. (Mat. 6:33.) Se pou rezon sa a, Pyè te bay travay predikasyon an premye plas nan lavi l olye l te bay biznis lapèch la plis enpòtans. Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, li te bay yon bèl temwayaj, e sa te ede plizyè milye moun aksepte bon nouvèl la (Tra. 2:14, 37-41). Annapre, li te ede moun Samari yo ak moun lòt nasyon yo pou yo konn kiyès Kris ye e pou yo suiv li (Tra. 8:14-17; 10:44-48). Se sèten, Jewova te itilize Pyè anpil pou ede tout kalite moun vin fè pati kongregasyon an. w23.09 20 § 1; 23 § 11.
Lendi 20 oktòb
Si nou pa di m rèv mwen fè a ansanm ak sa l vle di, m ap fè yo rache nou miyèt moso. — Dàn. 2:5.
Anviwon dezan apre Babilónyen yo te fin detwi Jerizalèm, wa Nebikadneza, ki t ap dirije Babilòn, te fè yon rèv ki te boulvèse l kote l te wè yon estati ki te gwo anpil. Li te menase pou l touye tout mesye ki gen sajès ki t ap travay pou li yo, san wete Dànyèl, si yo pa t kapab di l rèv li te fè a e si yo pa t kapab di l sa rèv la vle di (Dàn. 2:3-5). Dànyèl te oblije aji vit. Si l pa t fè sa, anpil moun t ap pèdi lavi yo. Li te “antre kot wa a e li [te] mande l pou l ba l tan pou l esplike l rèv li te fè a”. (Dàn. 2:16.) Sa te mande kouraj ak lafwa. Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Dànyèl te konn esplike rèv anvan sa. Li te mande zanmi l yo, “pou yo priye Bondye nan syèl la pou l fè yo mizèrikòd pou l ka devwale sekrè sa a”. (Dàn. 2:18.) Jewova te reponn priyè yo te fè a. Grasa èd Bondye, Dànyèl te esplike Nebikadneza rèv la. Dànyèl ak zanmi l yo pa t pèdi lavi yo. w23.08 3 § 4.
Madi 21 oktòb
Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove. — Mat. 24:13.
Reflechi sou byenfè sa pote lè yon moun gen pasyans. Lè n gen pasyans, kè n pi kontan e nou santi n pi kalm. Donk, lè n gen pasyans, sa kapab bon anpil pou lespri nou ak sante nou. Lè n pran pasyans ak lòt moun, nou gen pi bon relasyon ak yo. Vin gen plis tèt ansanm nan kongregasyon yo. Si yon moun fè n fache e nou pa kouri fè kòlè, sa kapab anpeche sitiyasyon an vin pi mal (Sòm 37:8, nòt; Pwo. 14:29). Men, sa k pi enpòtan an, nou imite Papa nou ki nan syèl la e nou vin pi pwòch avè l toujou. Vrèmanvre, pasyans se yon bèl kalite ki bon pou nou tout. Byenke li ka pa toujou fasil pou n demontre kalite sa a, grasa èd Jewova, nou ka kontinye fè efò pou n vin genyen l. E toutpandan n ap tann avèk pasyans pou monn nouvo a rive, nou kapab gen konfyans “je Jewova ap gade moun ki gen lakrentif pou li, moun ki konte sou lanmou fidèl li genyen an”. (Sòm 33:18.) Annou tout pran detèminasyon pou n kontinye abiye nou ak pasyans. w23.08 22 § 7; 25 § 16-17.