BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
Anons
Nouvo lang ki disponib: Betsimisaraka (Northern), Betsimisaraka (Southern), Konkomba, Matses, Mi'kmaq
  • Jodi a

Lendi 20 oktòb

Si nou pa di m rèv mwen fè a ansanm ak sa l vle di, m ap fè yo rache nou miyèt moso. — Dàn. 2:5.

Anviwon dezan apre Babilónyen yo te fin detwi Jerizalèm, wa Nebikadneza, ki t ap dirije Babilòn, te fè yon rèv ki te boulvèse l kote l te wè yon estati ki te gwo anpil. Li te menase pou l touye tout mesye ki gen sajès ki t ap travay pou li yo, san wete Dànyèl, si yo pa t kapab di l rèv li te fè a e si yo pa t kapab di l sa rèv la vle di (Dàn. 2:​3-5). Dànyèl te oblije aji vit. Si l pa t fè sa, anpil moun t ap pèdi lavi yo. Li te “antre kot wa a e li [te] mande l pou l ba l tan pou l esplike l rèv li te fè a”. (Dàn. 2:16.) Sa te mande kouraj ak lafwa. Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Dànyèl te konn esplike rèv anvan sa. Li te mande zanmi l yo, “pou yo priye Bondye nan syèl la pou l fè yo mizèrikòd pou l ka devwale sekrè sa a”. (Dàn. 2:18.) Jewova te reponn priyè yo te fè a. Grasa èd Bondye, Dànyèl te esplike Nebikadneza rèv la. Dànyèl ak zanmi l yo pa t pèdi lavi yo. w23.08 3 § 4.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Madi 21 oktòb

Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove. — Mat. 24:13.

Reflechi sou byenfè sa pote lè yon moun gen pasyans. Lè n gen pasyans, kè n pi kontan e nou santi n pi kalm. Donk, lè n gen pasyans, sa kapab bon anpil pou lespri nou ak sante nou. Lè n pran pasyans ak lòt moun, nou gen pi bon relasyon ak yo. Vin gen plis tèt ansanm nan kongregasyon yo. Si yon moun fè n fache e nou pa kouri fè kòlè, sa kapab anpeche sitiyasyon an vin pi mal (Sòm 37:​8, nòt; Pwo. 14:29). Men, sa k pi enpòtan an, nou imite Papa nou ki nan syèl la e nou vin pi pwòch avè l toujou. Vrèmanvre, pasyans se yon bèl kalite ki bon pou nou tout. Byenke li ka pa toujou fasil pou n demontre kalite sa a, grasa èd Jewova, nou ka kontinye fè efò pou n vin genyen l. E toutpandan n ap tann avèk pasyans pou monn nouvo a rive, nou kapab gen konfyans “je Jewova ap gade moun ki gen lakrentif pou li, moun ki konte sou lanmou fidèl li genyen an”. (Sòm 33:18.) Annou tout pran detèminasyon pou n kontinye abiye nou ak pasyans. w23.08 22 § 7; 25 § 16-17.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Mèkredi 22 oktòb

Depi pa gen bon aksyon ki mache [ak lafwa], li mouri. — Jak 2:17.

Jak te montre, se vre yon moun ka di li gen lafwa, men, èske li montre sa nan aksyon l (Jak 2:​1-5, 9)? Jak te pale tou konsènan yon moun ki wè ‘yon frè oswa yon sè touni oswa ki pa gen ase manje pou l manje’, men moun nan pa fè anyen pou ede l. Menmsi moun sa a di li gen lafwa, li pa montre sa nan aksyon l. Donk, lafwa li di li genyen an pa itil anyen (Jak 2:​14-16). Jak te pale de Rahab kòm yon moun ki te gen lafwa e ki te montre sa nan aksyon l (Jak 2:​25, 26). Li te tande pale de Jewova e l te ka wè Jewova te avèk Izrayelit yo (Joz. 2:​9-11). Aksyon l te fè te montre li gen lafwa. Lè de Izrayelit te vini kòm espyon e lavi yo te an danje, li te pwoteje yo. Se sa k fè, menm jan ak Abraram, Bondye te fè konnen dam sa a ki pa t pafè e ki pa t Izrayelit te yon moun ki jis. Egzanp Rahab montre jan sa enpòtan pou n montre nou gen lafwa grasa aksyon nou fè. w23.12 5-6 § 12-13.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje