Vandredi 24 oktòb
Anvan tout bagay, se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon pakèt peche. — 1 Pyè 4:8.
Mo apot Pyè itilize pou “anpil” la vle di literalman “detire”. Dezyèm pati vèsè a montre sa anpil lanmou kapab fè. Li kapab kouvri peche frè n ak sè n yo. Men ki jan nou ta ka esplike l: Se kòmsi nou ta kenbe lanmou nou genyen an ak de men, tankou yon moso twal ki ka detire, epi nou detire l anpil jiskaske l kouvri, pa sèlman youn oswa de peche, men, “yon pakèt peche”. Nan kontèks sa a, “kouvri” vle di padone. Menm jan yon nap kapab kouvri yon tach ki gen sou yon tab, lanmou ka kouvri defo ak enpèfeksyon lòt moun genyen. Lanmou nou gen pou frè n ak sè n yo ta dwe fè n kapab padone enpèfeksyon yo genyen, menmsi sa mande anpil efò ak anpil tan (Kol. 3:13). Lè n padone lòt moun, nou montre nou gen anpil lanmou e nou vle fè Jewova plezi. w23.11 11-12 § 13-15.
Samdi 25 oktòb
Chafan kòmanse li liv la devan wa a. — 2 Kwo. 34:18.
Lè wa Jozyas te vin gran, li te kòmanse fè reparasyon nan tanp lan. Pandan travay sa a t ap fèt, yo te “jwenn liv ki gen Lwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz yo”. Lè wa a te tande pawòl yo t ap li nan liv la, sa te pouse l pran detèminasyon pou l obeyi sa ki ekri ladan l yo (2 Kwo. 34:14, 19-21). Èske w ta renmen li Bib la chak jou? Si w deja ap fè efò nan sans sa a, èske w renmen fè sa? Èske w note yon seri vèsè ki ta ka ede w pèsonèlman? Lè Jozyas te gen anviwon 39 an, li te fè yon erè ki te lakòz li pèdi lavi l. Li te fè tèt li konfyans olye l te mande Jewova konsèy (2 Kwo. 35:20-25). Gen yon leson nou ka aprann nan sa. Kèlkeswa laj nou oswa kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap aprann konnen sa Bib la di, nou dwe kontinye chèche Jewova. Sa gen ladan l priye Jewova chak jou pou n mande l konsèy, etidye Pawòl li a regilyèman, epi toujou koute konsèy frè ak sè ki gen matirite yo ban nou. Lè n fè sa, n ap gen mwens posiblite fè erè ki grav e l ap pi fasil pou n gen kè kontan. — Jak 1:25. w23.09 12 § 15-16.
Dimanch 26 oktòb
Bondye opoze ak moun ki gen ògèy, men, li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la. — Jak 4:6.
Bib la pale konsènan anpil medam ki te gen bèl kalite, ki te renmen Jewova e ki te sèvi l. Medam sa yo te “modere nan abitid yo” e yo te “fidèl nan tout bagay”. (1 Tim. 3:11.) Anplis de sa, sè yo kapab jwenn anpil egzanp sè ki gen matirite nan kongregasyon yo e yo kapab imite egzanp yo. Nou menm jèn sè, èske nou konn kèk sè ki bay bèl egzanp nou ka imite? Chèche wè bèl kalite yo genyen. Epi, reflechi pou w wè ki jan w ka demontre kalite sa yo. Yon kalite ki enpòtan pou yon kretyen vin gen matirite se imilite. Si yon fi gen imilite, l ap gen bon relasyon ak Jewova e ak lòt moun. Pa egzanp, yon fi ki renmen Jewova kontan soutni dispozisyon Papa l ki nan syèl la pran pou gen otorite (1 Kor. 11:3). Li suiv prensip sa a nan kongregasyon an ak nan fanmi l. w23.12 18-19 § 3-5.